Detewonòm 15
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 “Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo. 2 Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame. 3 “A yon etranje, nou gen dwa egzije li; men nou va bliye nenpòt sa ki pou nou avèk frè nou. 4 Sepandan, p ap gen malere pami nou, (akoz SENYÈ a va, anverite, beni nou nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm yon eritaj pou posede) 5 si sèlman ou koute avèk obeyisans a vwa SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv avèk atansyon tout kòmandman sila ke mwen ap kòmande nou jodi a. 6 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou jan Li te pwomèt nou an. Nou va prete a anpil nasyon, men nou p ap prete nan men yo. Nou va domine sou anpil nasyon, men yo p ap domine sou nou. 7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a. 8 Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke. 9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou. 10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann. 11 “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’ 12 “Si moun peyi parèy nou yo, yon Ebre, gason oswa fanm, vann a nou menm, alò, li va sèvi nou pandan sis ane, men nan setyèm ane a, nou va ba li libète. 13 Lè nou lage li, nou p ap voye li ale men vid. 14 Nou va byen founi li soti nan bann mouton an, rekòlt jaden ak nan sitèn diven an. Nou va ba li jan SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an. 15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a. 16 “Li va vin rive ke si li di nou: “Mwen p ap sòti kite nou,” paske li renmen nou avèk tout lakay nou, akoz ke sa mache byen pou li avèk nou; 17 alò, nou va pran yon pik byen file pou pèse zòrèy li nèt antre nan poto pòt la, epi li va sèvitè nou nèt. Osi, nou va fè menm bagay la avèk sèvant yo. 18 Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè. 19 “Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an. 20 Nou avèk tout lakay nou va manje li chak ane devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan kote ke SENYÈ a chwazi a. 21 “Men si li gen yon defo, tankou bwate, avèg, oswa nenpòt gwo defo, nou pa pou fè sakrifis li bay SENYÈ a, Bondye nou an. 22 Nou va manje li anndan pòtay nou yo. Pa pwòp la avèk pwòp la menm jan an, tankou yon kabrit mawon oswa yon sèf. 23 Sèlman, nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Detewonòm 15:1-3
Introduction
The Sabbatical year of release, Deu 15:1. The manner in which this release shall take place, Deu 15:2-5. Of lending to the poor, and the disposition in which it should be done, Deu 15:6-11. Of the Hebrew servant who has served six years, and who shall be dismissed well furnished, Deu 15:12-15. The ceremony of boring the ear, when the servant wishes to continue with his master, Deu 15:16-18. Of the firstlings of the flock and herd, Deu 15:19, Deu 15:20. Nothing shall be offered that has any blemish, Deu 15:21. The sacrifice to be eaten both by the clean and unclean, except the blood, which is never to be eaten, but poured out upon the ground, Deu 15:22, Deu 15:23.
Verse 1
At the end of every seven years thou shalt make a release - For an explanation of many things in this chapter, see the notes on Exodus 21 (note), Exodus 23 (note), and Leviticus 25 (note).
Detewonòm 15:4-7
Verse 4
There shall be no poor - That is, comparatively; see Deu 15:11.
Detewonòm 15:8
Verse 8
Thou shalt open thine hand wide - Thy benevolence shall be in proportion to his distress and poverty, and thy ability. Thou shalt have no other rule to regulate thy charity by.
Detewonòm 15:9-10
Verse 9
Beware that there be not a thought in thy wicked heart - לבבך בליעל lebabecha beliyaal, thy belial heart, that is, thy good-for-nothing or unprofitable heart; See on Deu 13:13 (note).
And thine eye be evil - An evil eye signifies a covetous disposition. See the same form of expression used by our Lord in the same sense, Mat 6:23. If thine eye be evil - If thou be a covetous person. Evil eye is by our Lord opposed to single eye, i. e., a person of a liberal, benevolent mind. Covetousness darkens the soul; liberality and benevolence enlighten it.
And he cry unto the Lord against thee - What a consolation to the poor and the oppressed, that they have a sure friend in God, who will hear their cry and redress their grievances!
Detewonòm 15:11-12
Verse 11
For the poor shall never cease out of the land - To this passage our Lord appears to allude Mar 14:7 : For ye have the poor with you always. God leaves these in mercy among men to exercise the feelings of compassion, tenderness, mercy, etc. And without occasions afforded to exercise these, man would soon become a Stoic or a brute.
Detewonòm 15:13
Verse 13
Thou shalt not let him go away empty - Because during the time he served thee, he made no property for himself, having been always honest towards thee; and now when he leaves thee, he has nothing to begin the world with.
Detewonòm 15:14-16
Verse 14
Thou shalt furnish him - out of thy flock - Thou shalt give him some cattle to breed with; out of thy floor - some corn for seed and for bread; and out of thy wine press - an adequate provision of wine for present necessity.
Detewonòm 15:17-19
Verse 17
Thou shalt take an awl - See the note on Exo 21:6.
Detewonòm 15:20
Verse 20
Thou shalt eat it - in the place which the Lord shall choose - Thus God in his mercy made their duty and interest go hand in hand. And in every case God acts thus with his creatures; well, therefore, might Satan ask, Doth Job serve God for naught? No! nor does God design that any man should.
Detewonòm 15:21-23
Verse 21
If there be any blemish - See the notes on Lev 22:20. God will have both a perfect priest and a perfect offering.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
