II Kwonik Yo 35

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 Epi Josias te selebre fèt Pak a SENYÈ a Jérusalem. Yo te touye bèt pou Pak la sou katòzyèm jou nan premye mwa a. 2 Li te plase prèt yo nan pozisyon pa yo e te ankouraje yo nan sèvis lakay SENYÈ a. 3 Anplis, li te di a Levit ki te enstwi tout Israël yo, e ki te sen a SENYÈ a: “Mete lach SENYÈ a nan kay ke Salomon, fis a David la, wa Israël la, te bati a. Li p ap ankò yon chaj sou zepòl nou. Alò, koulye a sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, avèk pèp Li a, Israël. 4 Prepare nou menm selon lakay papa zansèt nou yo nan divizyon nou yo selon ekriti a David la, wa Israël la e selon ekriti a fis li a, Salomon. 5 Anplis, kanpe nan lye sen an selon divizyon lakay papa zansèt nou yo ak frè nou yo ak selon Levit yo, pa divizyon lakay papa zansèt nou yo. 6 Alò, touye bèt Pak la, sanktifye nou e prepare pou frè nou yo pou fè selon pawòl SENYÈ a, selon Moïse.” 7 Josias te fè kontribisyon pou pèp la, tout sa ki te prezan, bann jenn mouton yo ak jenn kabrit yo, tout pou ofrann Pak la, an kantite trant-mil, plis twa-mil towo. Sila yo te sòti nan byen ki te pou wa a. 8 Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo. 9 Conania osi avèk Schemaeja ak Nethaneel, frè li yo, Haschabia, Jeïel avèk Jozabad, ofisye Levit yo, te kontribye a Levit yo pou ofrann Pak la, senk-mil ki sòti nan bann mouton an ak senk-san towo. 10 Pou sa, sèvis la te fin prepare e prèt yo te kanpe nan estasyon pa yo avèk Levit yo nan divizyon pa yo selon lòd a wa a. 11 Yo te touye bèt Pak yo e pandan prèt yo t ap aspèje san ki te resevwa soti nan men Levit yo, epi Levit yo t ap retire pwal yo. 12 Yo te retire ofrann brile yo pou yo ta kab bay yo selon divizyon lakay papa zansèt yo pou pèp la pou prezante a SENYÈ a jan sa ekri nan liv Moïse la. Yo te fè sa tou avèk towo yo. 13 Konsa, yo te boukannen bèt Pak yo, sou dife selon règleman an, yo te bouyi bagay sen yo nan bonm, chodyè ak nan kaswòl e yo te pote yo avèk vitès a tout pèp òdinè yo. 14 Apre yo te prepare pou yo menm e pou prèt yo, akoz prèt yo, fis a Aaron yo t ap ofri ofrann brile avèk grès jis rive nan aswè. Pou sa, Levit yo te prepare pou yo menm ak pou prèt yo, fis a Aaron yo. 15 Anplis, chantè yo, fis a Asaph yo te nan estasyon pa yo selon kòmand a David la, Asaph, Héman, avèk Jeduthun, konseye a wa a; epi gadyen pòtay te nan chak pòtay. Yo pa t oblije sòti nan sèvis pa yo akoz frè yo te prepare pou yo. 16 Konsa, tout sèvis SENYÈ a te prepare nan jou sa a pou selebre Pak la e pou ofri ofrann brile yo sou lotèl SENYÈ a selon kòmand a Wa Josias la. 17 Fis Israël ki te prezan yo te selebre Pak la nan lè sa a ak Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou. 18 Pa t janm gen yon selebrasyon Pak tankou sa an Israël depi jou a Samuel yo, pwofèt la. Ni pa te gen okenn nan wa Israël yo ki te selebre yon Pak jan Josias te fè avèk prèt yo, Levit yo, tout Juda, Israël ki te prezan yo ak pèp Jérusalem nan. 19 Se te nan uityèm ane règn Josias la, ke Pak sa a te selebre. 20 Apre tout sa, lè Josias te mete tanp lan an lòd, Néco, wa Egypte la, te vin monte pou fè lagè Carkemisch, sou rivyè Euphrate la, e Josias te parèt deyò pou rankontre li. 21 Men Néco te voye mesaje yo kote li. Li te di: “Kisa nou gen pou fè youn avèk lòt, O Wa Juda a? Se pa kont ou ke m ap vini jodi a, men kont kay avèk sila mwen angaje nan lagè yo. Bondye te kòmande mwen fè prese. Byen avèti ke se Bondye ki avè m nan, pou Li pa detwi ou.” 22 Sepandan, Josias te refize vire kite li, men li te kache idantite li pou l ta kab fè lagè avèk li. Li pa t koute pawòl a Néco ki soti nan bouch Bondye a, men li te vin fè lagè sou plèn Méguiddo a. 23 Achè yo te tire Wa Josias, e wa a te di a sèvitè li yo: “Ale avè m, sòti, paske mwen blese byen grav.” 24 Pou sa, sèvitè li yo te retire li nan cha a, e yo te pote li nan dezyèm cha li te genyen an. Yo te mennen li Jérusalem kote li te mouri, e li te antere nan tonm a papa zansèt li yo. Tout Juda avèk Jérusalem te kriye pou Josias. 25 Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo. 26 Alò, tout lòt zèv a Josias yo avèk zèv fidelite pa li yo, jan sa ki ekri nan lalwa SENYÈ yo, 27 ak zèv li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël Avèk Juda yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

II Kwonik Yo 35:1-2

Introduction

Josiah celebrates a passover, 2Chr 35:1; regulates the courses of the priests; assigns them, the Levites, and the people, their portions; and completes the greatest passover ever celebrated since the days of Solomon, vv. 2-19. Pharaoh Necho passes with his army through Judea, 2Chr 35:20. Josiah meets and fights with him at Megiddo, and is mortally wounded, 2Chr 35:21-23. He is carried to Jerusalem, where he dies, 2Chr 35:24. Jeremiah laments for him, 2Chr 35:25. Of his acts and deeds, and where recorded, 2Chr 35:26, 2Chr 35:27.

II Kwonik Yo 35:3-10

Verse 3

Put the holy ark in the house - It is likely that the priests had secured this when they found that the idolatrous kings were determined to destroy every thing that might lead the people to the worship of the true God. And now, as all appears to be well established, the ark is ordered to be put into its own place.

For an ample account of this passover and the reformation that was then made, see on 2Kgs 23:1 (note), etc., and the places marked in the margin.

II Kwonik Yo 35:11-17

Verse 11

They killed the passover - The people themselves might slay their own paschal lambs, and then present the blood to the priests, that they might sprinkle it before the altar; and the Levites flayed them, and made them ready for dressing.

II Kwonik Yo 35:18-19

Verse 18

There was no passover like to that - "That which distinguished this passover from all the former was," says Calmet, "the great liberality of Josiah, who distributed to his people a greater number of victims than either David or Solomon had done."

II Kwonik Yo 35:20

Verse 20

Necho king of Egypt - Pharaoh the lame, says the Targum.

II Kwonik Yo 35:21-23

Verse 21

God commanded me to make haste - The Targum gives a curious turn to this and the following verse: "My idol commanded me to make haste; refrain therefore from me and my idol which is with me, that he betray thee not. When he heard him mention his idol, he would not go back; and he hearkened not unto the words of Necho, which he spake concerning his idol." Here is the rabbinical excuse for the conduct of Josiah.

II Kwonik Yo 35:24

Verse 24

The second chariot - Perhaps this means no more than that they took Josiah out of his own chariot and put him into another, either for secrecy, or because his own had been disabled. The chariot into which he was put might have been that of the officer or aid-de-camp who attended his master to the war. See the note on 2Kgs 22:20.

II Kwonik Yo 35:25-26

Verse 25

Behold, they are written in the lamentations - The Hebrews had poetical compositions for all great and important events, military songs, songs of triumph, epithalamia or marriage odes, funeral elegies, etc. Several of these are preserved in different parts of the historical books of Scripture, and these were generally made by prophets or inspired men. That composed on the tragical end of this good king by Jeremiah is now lost. The Targum says, "Jeremiah bewailed Josiah with a great lamentation; and all the chiefs and matrons sing these lamentations concerning Josiah to the present day, and it was a statute in Israel annually to bewail Josiah. Behold, these are written in the book of Lamentations, which Baruch wrote down from the mouth of Jeremiah.

II Kwonik Yo 35:27

Verse 27

And his deeds, first and last - "The former things which he did in his childhood, and the latter things which he did in his youth; and all the judgments which he pronounced from his eighth year, when he came to the kingdom, to his eighteenth, when he was grown up, and began to repair the sanctuary of the Lord; and all that he brought of his substance to the hand of judgment, purging both the house of Israel and Judah from all uncleanness; behold, they are written in the book of the Kings of the house of Israel, and of the house of Judah." - Targum. These general histories are lost; but in the books of Kings and Chronicles we have the leading facts.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.