Jou 72 sou 365

Jij 1–3

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jij 1

1Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Seyè a: -Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan? 2Seyè a reponn yo: -Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k'ap lage tout peyi a nan men yo. 3Moun Jida yo di moun Simeyon yo konsa: -Ann al ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Jida yo. Enpi n'a mete ansanm pou goumen ak moun Kanaran yo. Apre sa, nou menm moun Jida yo, n'a ale ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Simeyon yo. Se konsa, moun Simeyon yo ale ansanm ak 4moun Jida yo, yo moute al goumen. Seyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil (010.000) sòlda nan lavil Bezèk. 5Yo jwenn Adonibezèk l'a tou. Yo goumen avè l'. Yo bat moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo byen bat. 6Adonibezèk te kouri pou yo. Yo kouri dèyè l', yo mete men sou li, epi yo koupe de dwèt gwopous li yo ak de gwo tèt zòtèy pye l' yo. 7Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri. 8Moun fanmi Jida yo al atake lavil Jerizalèm, epi yo pran l'. Yo touye dènye moun ki te rete la, lèfini yo mete dife ladan l'. 9Apre sa, y' al goumen ak moun Kanaran ki t'ap viv nan mòn yo ak nan pye mòn yo nan Negèv la. 10Moun Jida yo atake moun Kanaran ki te rete lavil Ebwon, ki te rele anvan sa Kiriyat Aba. Yo bat Chechayi, Ayiman ak Talmayi. 11Yo kite Ebwon, yo mache al atake moun ki te rete lavil Debi yo. Nan tan lontan yo te rete lavil sa a Kiriyat-Sefè. 12Kalèb di: -Moun ki va resi pran lavil Kiriyat-Sefè a, m'ap marye l' ak Aksa, pitit fi mwen an. 13Se Otonyèl, pitit gason Kenaz, ti frè Kalèb la, ki te pran lavil la. Konsa, Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm. 14Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Akza al jwenn Kalèb. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sak genyen, pitit mwen? 15Akza reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Se ou menm ki voye m' al viv nan dezè Negèv la, se pou ou ban m' kote pou m' pran dlo tou. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba Negèv la. 16Moun Kayen yo, fanmi bòpè Moyiz la, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid lavil Arad. Se la y' al rete ansanm ak moun Amalèk yo. 17Moun Jida yo ale ansanm ak moun Simeyon yo, yo bat moun Kanaran ki te rete lavil Zefa yo. Yo detwi lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te ladan l'. Yo boule yo tankou yon ofrann pou Seyè a. Yo chanje non lavil la, yo rele l' Oma. 18Moun Jida yo pa t' pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li. 19Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè. 20Jan Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. 21Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t' mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a. 22Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Seyè a te kanpe avèk yo tou. 23Yo voye kèk moun an kachèt al wè jan sa ye nan lavil la. 24Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap soti lavil la. Yo di l' konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen. 25Se konsa nonm lan moutre yo ki jan pou yo antre nan lavil la. Yo touye tout moun ki te nan lavil la, esepte nonm lan ansanm ak tout fanmi l'. 26Apre sa, nonm lan pati ale nan peyi moun Et yo. Li bati yon lavil laba a, li rele l' Louz. Se konsa yo rele lavil la jouk jòdi a. 27Moun branch fanmi Manase yo pa t' rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a. 28Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò. 29Moun branch fanmi Efrayim yo tou pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo. 30Moun branch fanmi Zabilon yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo. 31Moun branch fanmi Asè yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Akzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb. 32Se konsa, moun Asè yo t'ap viv ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a, paske yo pa t' mete yo deyò. 33Moun branch fanmi Nèftali yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt anat yo te blije travay pou yo. 34Moun Amori yo menm te kwense moun fanmi Dann yo nan mòn yo. Yo pa t' kite yo desann nan plenn lan menm. 35Se konsa, moun Amori yo rete rete yo nan mòn Erès, nan lavil Ayalon ak nan lavil Chalbim. Men, lè moun fanmi Jozèf yo rive donminen sou yo, yo fè yo travay pou yo. 36Fwontyè peyi moun Amori yo te konmanse depi pas Eskòpyon yo, moute rive gwo Wòch.

Jij 2

1Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an. 2Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m' te di nou fè a. Gade sa nou pito fè! 3Se poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou. 4Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye. 5Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Seyè a la. 6Jozye voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a. 7Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l' pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou. 8Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan (0110 an). 9Yo antere l' sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach. 10Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la. 11Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo. 12Yo vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, Bondye ki te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo tonbe mache dèyè lòt bondye ki te fè pati bann bondye pèp ki te la toupatou bò kote yo. Y' al adore yo. Sa te fè Seyè a an kolè sou yo. 13Yo vire do bay Seyè a, y' al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo. 14Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò. 15Chak fwa y' al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l' la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè! 16Se lè sa a Seyè a voye bay pèp Izrayèl la kèk chèf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo. 17Men, menm chèf sa yo, yo pa t' koute yo. Yo vire do bay Seyè a, y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Seyè a. Yo pa t' koute lòd Seyè a. 18Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo. 19Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo. 20Seyè a te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa: -Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m'. 21Bon, mwen menm tou, mwen p'ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò. 22Se konsa m'a wè kote m' ye ak pèp Izrayèl la. M'a konnen si wi ou non yo soti pou fè sa m' mande yo fè a jan zansèt yo te fè l' la. 23Se konsa Seyè a te kite lòt nasyon li pa t' lage anba men Jozye yo rete nan peyi a. Li pa prese mete yo deyò.

Jij 3

1Seyè a te kite kèk nasyon nan peyi a pou l' te ka sonde moun pèp Izrayèl la ki patko fèt lè yo t'ap fè lagè pou antre nan peyi Kanaran an. 2Li te fè sa konsa pou l' te ka moutre chak jenerasyon pèp Izrayèl la sa yo rele fè lagè, sitou sa ki pa t' janm al nan lagè anvan sa. 3Men moun li te kite nan peyi a: Se te moun Filisti yo ki te rete nan senk lavil, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo ak moun Evi yo ki te rete nan mòn Liban yo, depi mòn Baal-Emon jouk Pas Amat. 4Se ak moun sa yo Seyè a t'ap sonde pèp la pou l' te ka konnen si yo te soti pou koute lòd Seyè a te bay Moyiz pou zansèt yo a. 5Se konsa pèp Izrayèl la twouve l' rete ap viv nan mitan moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. 6Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou. 7Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo. 8Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim. 9Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon nonm pou delivre yo. Se te Otonyèl, pitit gason Kenaz, ki te ti frè Kalèb. 10Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'. 11Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan. Epi Otonyèl, pitit gason Kenaz la, mouri. 12Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ap fè sa ki te mal nan je Seyè a ankò. Seyè a pran Eglon, wa peyi Moab la, li fè l' vin pi fò pase pèp Izrayèl la. Epi li fè l' leve dèyè pèp Izrayèl la. 13Eglon pran moun Amon yo ak moun Amalèk yo ansanm avè l', epi yo ale, yo bat moun pèp Izrayèl yo. Yo pran lavil Palmis yo pou yo. 14Pandan dizwitan pèp Izrayèl la te anba men Eglon, wa peyi Moab la. 15Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon lòt moun pou delivre yo. Se te Eyoud, pitit gason Gera, moun branch fanmi Benjamen an. Msye te goche. Moun pèp Izrayèl yo bay Eyoud yon kado al pote bay Eglon, wa peyi Moab. 16Eyoud fè yo fè yon ponya espesyal pou li. Ponya a te gen yon pye edmi longè, li te file de bò. Li mare l' sou kwis pye dwat li, anba rad li. 17Epi li pote kado a bay Eglon, wa peyi Moab la. Eglon te gwo anpil. 18Lè Eyoud fin bay wa a kado a, li voye moun ki te pote kado a ale. 19Men li menm, lè li rive bò estati zidòl yo ki toupre lavil Gilgal la, li tounen vin jwenn Eglon. Li di l' konsa: -Monwa, mwen gen yon komisyon pou ou, men fòk pa ta gen lòt moun la. Lè sa a, wa a di moun ki te la yo: -Kite nou pou kont nou! Tout moun ki te la avè l' yo soti. 20Wa a te chita nan chanm pa l' anwo kay la, kote ki te fè fre anpil. Eyoud pwoche bò kote l', li di l' konsa: -Se yon mesaj Bondye ban m' pou ou. Wa a leve kanpe. 21Eyoud lonje men gòch li, li rale ponya a bò kwis pye dwat li, epi li sèvi wa a yon kou nan vant. 22Li foure ponya a tout longè l' nèt jouk manch li pèdi nan vant li, epi po grès la fèmen sou ponya a paske Eyoud pa t' rale l' soti. Pwent ponya a menm te parèt pa dèyè. 23Lèfini, Eyoud soti nan chanm lan, li fèmen pòt yo dèyè l', li klete yo, 24epi l' ale fè wout li. Lè domestik wa yo vini, yo wè pòt chanm wa a te fèmen akle. Yo di konsa: -Gen lè wa a okipe anndan an. L'ap fè bezwen li. 25Yo tann yon bon ti moman, yo ba li tan pou l' fini. Men, yo wè li pa janm louvri pòt la. Lè sa a, yo pran kle a epi yo louvri. Yo wè wa a kouche tou long atè, li te mouri! 26Pandan mesye yo t'ap tann tout tan sa a, Eyoud menm gen tan chape kò l'. Li pase bò estati zidòl yo, epi li pran wout mòn Seyira a pou li, l' ale. 27Lè li rive Seyira nan mòn peyi Efrayim lan, li kònen pou rele moun pèp Izrayèl yo. Moun pèp Izrayèl yo desann soti nan mòn lan, epi Eyoud pran mache alatèt yo. 28Li di yo konsa: -Swiv mwen! Seyè a lage moun Moab yo, lènmi nou yo, nan men nou jòdi a! Yo tout desann swiv li. Yo bare pas dlo kote moun Moab yo konn janbe larivyè Jouden an. Yo pa kite yon moun pase. 29Lè sa a, yo te touye dimil (010.000) sòlda konsa, sòlda ki te gwonèg epi ki te konn goumen. Yonn pa chape. 30Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Moab yo byen bat. Apre sa, pandan katreventan te gen lapè nan peyi a. 31Apre Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan (0600) sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain