Jou 353 sou 365

Ebre 9–10

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ebre 9

1Premye kontra a te gen regleman pa l' pou jan yo dwe fè sèvis pou Bondye nan tanp ki sou latè a. 2Premye bagay yo fè, yo moute yon gwo tant: se te kote yo te mete apa pou sèvis Bondye a. Se la yo te mete gwo lanp sèt branch lan, tab la ansanm ak pen yo ofri bay Bondye yo. 3Dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan. 4Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a. 5Anwo bwat la, yo te mete estati de zanj yo te rele cheriben. Se te pou fè moun konnen Bondye la. Zèl zanj yo te louvri, yo te kouvri tout kote yo ofri bèt pou touye pou peche yo. Men, nou pa gen tan koulye a pou n' pale an detay sou bagay sa yo. 6Lè tout bagay fin nan plas yo konsa, prèt yo gen pou yo antre chak jou nan premye tant lan pou fè sèvis. 7Men, se granprèt la ase ki gen dwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l' yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l' ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pa t' konnen. 8Avèk tout aranjman sa yo, Sentespri fè nou wè chemen ki pou mennen nou kote Bondye ye a poko louvri toutotan premye tant la kanpe toujou. 9Sa se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k'ap pase koulye a. Sa vle di: pou moun k'ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou lave konsyans yo devan Bondye. 10Nan tout bagay sa yo, se yon keksyon de sa ki bon pou manje, de sa ki bon pou bwè, de tout kalite seremoni pou yo fè pou lave deyò kò moun. Prensip sa yo vo kichòy jouk lè Bondye vin chanje tout bagay. 11Men, Kris la vini deja tankou granprèt k'ap bay benediksyon ki gen pou vini yo. Tant kote l'ap fè sèvis li a pi gwo, pi bon lontan. Se pa moun ki te bati li. Tant sa a pa fè pati bagay ki sou latè. 12Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan. 13Si yo ka pran san bouk kabrit ak san towo bèf ansanm ak san vyann ti gazèl bèf yo boule sou lotèl la pou voye sou moun ki mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye dapre lalwa, pou mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, 14nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an. 15Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a. 16Lè gen yon kontra osinon yon testaman, se pou yo bay prèv moun ki te fè l' la mouri byen mouri. 17Paske, yon testaman pa vo anyen toutotan moun ki fè l' la vivan toujou. Lè moun ki fè l' la mouri, se lè sa a testaman an bon. 18Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon. 19Premye bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l' ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la. 20Lè sa a, li di: Sa se san ki sèvi pou siyen kontra Bondye mande pou nou kenbe a. 21Moyiz voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan. 22Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo. 23Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou. 24Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou. 25Granprèt jwif yo antre chak lanne nan kote ki apa pou Bondye menm lan avèk san bèt yo touye bay Bondye. Men, Kris la menm pa antre plizyè fwa pou ofri tèt li. 26Si se pa t' sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, koulye a, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini. 27Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. 28Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.

Ebre 10

1Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt. 2Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye. 3Men, okontrè, chak lanne bèt yo touye yo fè moun yo chonje jan yo peche. 4Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p'ap janm ka wete peche moun. 5Se poutèt sa, lè Kris la tapral vin sou latè, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou ban m' yon kò. 6Se pa ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la k'ap fè ou plezi. Ni se pa ofrann bèt yo touye pou wete peche yo k'ap fè ou plezi. 7Lè sa a, mwen di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a. 8Premye bagay li di se: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen, ni ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la, ni ofrann bèt yo touye pou wete peche yo: bagay sa yo pa fè ou plezi. Men, tout ofrann bèt sa yo, se yo lalwa Moyiz la mande. 9Apre sa, li di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou. Konsa, Bondye aboli tout ansyen ofrann bèt yo, li ranplase yo ak ofrann Kris la menm. 10Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l' fini. 11Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche. 12Men, Kris la pou tèt pa l' fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye. 13Koulye a, se la l'ap tann Bondye mete tout lènmi l' yo tankou yon ti ban pou lonje pye li. 14Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan. 15Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di: 16Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. Se Bondye menm ki di sa. M'a mete lwa m' yo nan kè yo, m'a make lwa m' yo nan lespri yo. 17Apre sa, li di: Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal. 18Konsa, lè Bondye fin padonnen peche yo, pa gen nesesite pou yo fè ofrann ankò pou wete peche. 19Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. 20Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm. 21Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a. 22Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp. 23Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li. 24Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen. 25Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche. 26Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. 27Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo. 28Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye. 29Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman. 30Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a. 31Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an! 32Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fèk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la. 33Yon lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo. 34Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan. 35Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. 36Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l' te pwomèt la. 37Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, pa gen pou lontan menm, Moun ki gen pou vini an ap vini. Li p'ap pran reta ankò. 38Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l' vire do l' tounen fè bak, li p'ap fè kè m' kontan. 39Nou menm, nou p'ap fè tankou moun sa yo k'ap twenn dèyè, k'ap pèdi tèt yo. N'ap fè tankou moun ki gen fèm konfyans nan Bondye, moun k'ap delivre nanm yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain