Jou 35 sou 365
Levitik 22–23
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Levitik 22
1Seyè a pale ak Moyiz, li di li: 2-Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m', ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m'. Se mwen menm ki Seyè a. 3W'a di yo pou mwen: Lè yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fè sèvis mwen, si li pwoche bò kote ofrann moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l' parèt devan m' ankò! Se mwen menm ki Seyè a. 4Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye a. 5Ou ankò si yon prèt manyen yonn nan bèt k'ap trennen sou vant yo, bèt ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa kapab fè sèvis Bondye, ou ankò si li manyen yon moun ki deja nan kondisyon sa a pou tèt pa l', prèt la tou pa ka fè sèvis Bondye. 6L'a rete nan kondisyon sa a jouk aswè, lèfini tou li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. Se pou li pran yon bon beny nan dlo anvan. 7Apre solèy kouche, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se lè sa a l'a ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye a, paske se sa ki manje l'. 8Li pa gen dwa manje ni vyann bèt ki mouri mò natirèl, ni vyann bèt bèt nan bwa touye. Bagay konsa ap mete l' nan kondisyon pou li pa kapab fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Seyè a! 9Se pou tout prèt yo swiv regleman mwen bay yo. Si yo pa swiv yo, y'a koupab, epi y'ap mouri paske yo pa respekte lòd Bondye menm te bay yo. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete yo apa pou yo viv apa pou mwen. 10Depi yon moun pa fè pati fanmi prèt yo, li te mèt yon moun ki rete lakay yon prèt osinon yon moun k'ap travay pou lajan l' lakay prèt la, li pa gen dwa manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. 11Men, esklav yon prèt, kit se achte li te achte l', kit li te fèt lakay li, gen dwa manje nan manje prèt la resevwa a. 12Si pitit fi yon prèt marye ak yon nonm ki pa prèt, li p'ap ka manje anyen nan ofrann yo fè pou Bondye yo. 13Men, si pitit fi a vèv osinon si li divòse, si li pa gen pitit epi li tounen kay papa l' sou kont papa l', l'a ka manje nan manje papa l'. Men, moun ki pa fè pati fanmi prèt yo pa gen dwa manje anyen ladan l'. 14Si yon moun ki pa fè pati fanmi prèt yo manje nan manje yo mete apa pou Bondye a san li pa konnen, li gen pou l' renmèt sa l' manje a plis ven pou san valè bagay la. 15Prèt yo pa gen dwa kite moun ki pa fè pati fanmi yo derespekte manje yo mete apa pou Bondye. 16Si yo kite sa rive, moun lan va antò, l'ap peye pou sa. Se mwen menm ki Seyè a. Se mwen menm ki mete ofrann yo apa pou mwen. 17Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 18-Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo ak tout moun pèp Izrayèl la. Men sa w'a di yo: Lè yon moun nan pèp Izrayèl la, osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a fè ofrann pou boule pou Seyè a, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li fè lide fè ofrann lan, 19se pou l' chwazi yon towo bèf, yon belye osinon yon bouk kabrit san ankenn enfimite si li vle pou m' asepte ofrann lan. 20Si nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Seyè a p'ap asepte l' nan men nou. 21Lè yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li vle fè ofrann lan, se pou bèt l'ap ofri a, li te mèt gwo bèt, li te mèt ti bèt, pa gen ankenn enfimite, si li vle pou m' asepte l'. 22Piga nou janm ofri bay Seyè a bèt je pete, bèt k'ap bwete, bèt ki pèdi janm, bèt ki gen malenng, bèt ki gen maladi po. Piga nou janm pran yon bèt konsa pou nou mete sou lotèl la pou nou boule nan dife pou Seyè a. 23Lè nou menm nou fè lide fè yon ofrann pou Seyè a, nou ka ofri yon towo bèf osinon yon belye ki difòm osinon ki kata. Men, nou pa ka sèvi ak yo pou yon ofrann n'ap fè paske nou te fè yon ve. Mwen p'ap asepte l'. 24Pa ofri bay Seyè a yon mal bèt ki gen grenn li yo foule, kraze, rache, osinon koupe. Nou pa gen dwa ofri bèt konsa nan peyi nou an. 25Piga nou pran bèt moun lòt nasyon fè nou kado pou n' ofri bay Seyè a. Paske bèt konsa pa antye, yo manke kichòy nan kò yo. Seyè a p'ap asepte yo nan men nou. 26Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 27-Lè yon ti bèf, yon ti mouton osinon yon ti kabrit fenk fèt, se pou nou kite l' dèyè manman l' pandan sèt jou. Depi sou wityèm jou a, nou gen dwa ofri l' pou boule nan dife pou Seyè a. 28Kit se bèf, kit se mouton, pa janm ofri yon bèt ansanm ak pitit li menm jou a. 29Lè n'ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, se pou nou swiv tout regleman yo si nou vle Seyè a asepte ofrann lan nan men nou. 30Se pou nou manje l' menm jou a. Pa kite anyen pou denmen maten. Se mwen menm ki Seyè a! 31Se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Wi, se pou nou swiv lòd mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a! 32Piga nou derespekte non mwen. Se pou tout moun pèp Izrayèl la respekte m'. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete nou apa pou nou viv apa pou mwen. 33Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a!
Levitik 23
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Men jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Seyè a. Men lè pou nou fè fèt pou mwen. 3Chak senmenn nou gen sis jou pou n' fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè ankenn travay. Se jou n'a reyini pou n' fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Seyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè ankenn travay lakay nou. 4Men jou pou nou fè fèt pou Seyè a, jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Seyè a. Men dat pou nou reyini pèp la pou fèt yo: 5N'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche. 6Sou kenzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse fèt pen san ledven yo. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. 7Premye jou a, n'a reyini tout pèp la pou n' fè sèvis pou Bondye. Nou p'ap fè ankenn gwo travay jou sa a. 8Pandan sèt jou n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' adore Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn gwo travay non plis. 9Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 10-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo. Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, lè n'a fin ranmase premye rekòt grenn nan jaden nou, n'a pran premye makout la, n'a pote l' bay prèt la. 11Prèt la va balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal, pou Seyè a ka asepte resevwa nou. Prèt la va fè ofrann lan jou ki vini apre jou repo a. 12Jou n'ap fè ofrann premye makout rekòt la, n'a pran yon ti belye ki pa gen ankenn enfimite epi ki poko gen ennan, n'a boule l' nèt pou Seyè a. 13N'a ofri ansanm avè l' tou katòz ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv pou nou boule nan dife pou Seyè a. Bon sant ofrann lan va fè Seyè a plezi. N'a ofri tou yon boutèy ka diven pou yo vide pou Seyè a. 14Piga nou pran nan grenn nou fèk rekòlte yo ni pou nou manje kri, ni pou nou griye, ni pou nou fè pen, toutotan nou pa pote ofrann premye grenn yo bay Seyè a. Se va yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 15N'a konte sèt semèn antye, depi jou nou te pote premye makout rekòt la ofri bay Seyè a, apre jou repo a. 16Wi, n'a konte senkant jou. Sa va mennen nou sou jou ki vini apre setyèm jou repo a. N'a fè yon lòt ofrann grenn jaden bay Seyè a. 17Chak fanmi va soti lakay yo ak de gwo pen pou yo ofri bay Seyè a. Chak pen va fèt ak de liv farin kwit ak ledven. Y'a ofri yo bay Seyè a tankou ofrann premye grenn yo rekòlte. 18Ansanm ak pen yo, pèp la va ofri sèt ti mouton ki poko gen ennan, yon jenn ti towo bèf ak de belye. Fòk tout bèt sa yo pa gen ankenn enfimite. Y'a boule yo nèt nan dife pou Seyè a, ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann diven an. Bon sant ofrann sa a va fè Seyè a plezi. 19N'a touye tou yon bouk ki va sèvi ofrann pou peye pou tou sa nou fè ki mal, ak de ti mouton ki poko gen ennan ki va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. 20Prèt la va balanse pen yo ansanm ak de ti mouton yo tankou yon ofrann espesyal devan Seyè a. Ofrann sa yo se bagay ki apa nèt pou Seyè a. Se pou prèt yo yo ye. 21Jou sa a, n'a reyini pèp la pou l' adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 22Lè n'ap fè rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase grenn ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou ranmase grenn ki te tonbe atè. W'a kite yo pou moun peyi a ki pa genyen ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 23Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 24-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye. 25Piga nou fè gwo travay. N'a fè ofrann pou yo boule nan dife pou Seyè a. 26Seyè a pale ak Moyiz, li di l': 27-Dizyèm jou sètyèm mwa sa a, se gran jou padon an li ye. N'a reyini tout moun pou n' adore Bondye. N'a fè jèn epi n'a fè ofrann pou yo boule nan dife devan Seyè a. 28Jou sa a, nou p'ap travay menm, paske se gran jou padon an, jou pou nou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an, pou nou mande l' fè nou gras. 29Si yon moun mete anyen nan bouch li jou sa a, y'ap wete l' nan mitan pèp li a. 30Si yon moun travay jou sa a, se mwen menm, Seyè a, k'ap touye l'. 31Nou pa pou fè anyen jou sa a. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 32Se va yon gwo jou repo, jou nou p'ap fè ankenn travay. Depi lè solèy kouche nan nevyèm jou mwa a jouk lè li kouche ankò dizyèm jou a, n'a rete san manje. 33Seyè a pale ak Moyiz, li di l': 34-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: N'a fete fèt joupa yo pandan sèt jou. N'a konmanse sou kenzyèm jou setyèm mwa a. 35Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay jou sa a. 36Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou wityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay. 37Men fèt pou nou fete pou Seyè a. Men jou n'a reyini tout moun pou yo fè sèvis pou Bondye. Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a, se ka bèt pou nou boule nèt, se ka ofrann grenn jaden, se ka bèt pou nou touye, se ka ofrann diven. Chak jou fèt gen ofrann pa li. 38Apa tout jou repo Seyè yo, n'a fete fèt sa yo tou. Apa kado pou nou fè nòmalman, apa ofrann n'ap fè paske nou te fè ve, apa ofrann n'ap fè pou Seyè a paske nou te vle fè l', n'a fè ofrann sa yo. 39Sou kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a fè fèt pou Seyè a pandan sèt jou, apre n'a fin rekòlte jaden nou yo. Premye jou a ak wityèm jou a va de gwo jou repo. 40Premye jou a, n'a keyi pi bon fwi nan pye sitwon nou yo, n'a koupe fèy nan pye dat nou yo ak branch nan pye jasmen ak pye sikren, n'a fè kè nou kontan devan Seyè a, Bondye nou an, pandan sèt jou. 41Chak lanne, pandan sèt jou nan setyèm mwa a, n'a fete fèt sa a pou mwen menm, Seyè a, Bondye nou an. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit. 42Pandan sèt jou tout moun pèp Izrayèl yo va rete anba joupa. Wi, n'a rete anba joupa pandan sèt jou. 43Konsa, pitit pitit nou yo va konnen mwen menm, Seyè a, mwen te fè pèp Izrayèl rete anba joupa lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 44Se konsa Moyiz te bay moun pèp Izrayèl yo tout kalite fèt pou yo fete pou Seyè a.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
