Jou 332 sou 365

Ròm 15–16

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ròm 15

1Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman. 2Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l', konsa n'a fè l' grandi nan konfyans li nan Bondye. 3Paske Kris la pa t' chache sa ki te fè l' plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure. 4Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n' ka mete tout espwa nou nan Bondye. 5Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri. 6Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Seyè nou an. 7Se pou yonn asepte lòt jan l' ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye. 8Men sa m' vle di: Kris la te fè tèt li sèvitè jwif yo pou l' te ka fè pwomès Bondye te fè zansèt nou yo rive vre, epi pou l' te moutre jan Bondye kenbe pawòl li. 9Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou. 10Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a. 11Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li! 12Ezayi di tou: Li gen pou l' vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li. 13Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a. 14Frè m' yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy. 15Men, mwen te penmèt mwen ekri nou sou anpil pwen nan lèt mwen an pou mwen te ka fè nou chonje sa nou te konnen deja. Mwen te penmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye te fè m' lan, 16pou m' te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen bon nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a. 17Se pou sa, mwen gen dwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye. 18-(we vèsè pwochen) 19Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m' fè ak sa li te fè m' di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay bon nouvèl ki pale sou Kris la toupatou. 20Men, lanbisyon m' se te pou m' fè konnen bon nouvèl la sèlman kote moun pa t' ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m' pa t' bati sou fondasyon lòt moun te poze, 21jan sa te ekri nan Liv la: Moun ki pa t' ankò konnen l' yo va wè. Moun ki pa t' ankò tande nonmen non l' yo va konprann. 22Se rezon sa a ki te anpeche mwen anpil fwa al lakay nou. 23Men, koulye a, mwen pa gen anyen ki kenbe m' nan peyi sa yo ankò. Depi lontan mwen fè lide ale wè nou. 24Mwen ta renmen fè sa lè mapral an Espay lan. Wi, mwen gen espwa pase wè nou pou nou kapab ede m' ale nan peyi sa a, apre m'a fin pase kèk bon moman nan mitan nou. 25Men, koulye a, mwen pral Jerizalèm pou m' ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis. 26Legliz ki nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm. 27Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki soti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pa t' jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo. 28Lè m'a fini avèk zafè sa a, le m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Espay, m'a pase wè nou sou wout. 29Mwen konnen le m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive. 30Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen. 31Lapriyè pou m' ka delivre anba moun Jide yo ki pa vle kwè. Lapriyè tou pou moun k'ap viv apa pou Bondye nan lavil Jerizalèm, pou yo ka byen resevwa lajan m'ap pote ba yo a. 32Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou. 33Se pou Bondye ki bay kè poze a avèk nou tout. Amèn.

Ròm 16

1Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a. 2Resevwa li nan non Seyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l' yonn pou lòt. Ede l' nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m' anpil tou. 3Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m' nan sèvis Jezikri a. 4Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou. 5Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayenèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi. 6Di Mari ki te bay kò l' anpil traka pou nou an bonjou. 7Di Andwonikis ak Jenyas, fanmi m' yo ki te al nan prizon ansanm avè m' yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen. 8Di Anplyatis, bon zanmi m' nan menm Seyè a, bonjou. 9Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an. 10Di Apelès ki moutre jan li gen konfyans nan Kris la bonjou. Di moun lakay Aristobil yo bonjou. 11Di Ewòdyon, fanmi m' lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Seyè a bonjou. 12Di Trifèn ak Trifòz, de sè k'ap bay kò yo anpil traka pou Seyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m' ki te pran anpil fatig pou Seyè a, bonjou. 13Di Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l' ki yon manman pou mwen tou. 14Di Asenkrit, Flegon, Emès, Patwobas, Emas ak tout frè yo ki ansanm ak yo a bonjou. 15Di Filològ ak Jili, Nere ak sè li a ansanm avek Olimpas ak tout manm legliz ki la avèk yo, bonjou. 16Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou. 17M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. 18Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo. 19Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Seyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal. 20Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou. 21Timote, kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m' yo, yo tout voye bonjou pou nou. 22Mwen menm, Tèsiyis, ki kouche lèt sa a sou papye, mwen voye bonjou pou nou nan renmen Kris la. 23Gayis voye bonjou pou nou. Se lakay li mwen fè ladesant. Epi se la tou tout legliz la fè reyinyon. Eras, trezorye nan lavil la, ansanm ak frè Katis voye di nou bonjou. 24Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout. 25Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan. 26Men, koulye a, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye. 27Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain