Jou 301 sou 365

Lik 16–18

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Lik 16

1Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo. 2Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò. 3Jeran an di nan kè l': Patwon an pral kase m' nan djòb sa a; kisa m' pral fè koulye a? Mwen pa gen fòs pou m' al travay latè. Epi se va yon wont pou m' al mande charite! 4Bon, mwen konn sa m' pral fè pou lè m' pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m' lakay yo. 5Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la? 6Li reponn: Mwen dwe l' san (100) bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit. 7Apre sa, li di yon lòt; Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Msye di l': Men papye ou la, ekri katreven. 8Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a. 9Jezi di yo ankò: Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an. 10Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis. 11Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo? 12Si ou pa t' sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sak pou ou a? 13Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan. 14Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan. 15Lè sa a Jezi di yo: Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè. 16Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li. 17Men, l'ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a pèdi valè li. 18Si yon nonm kite ak madanm li pou l' marye ak yon lòt, nonm sa a fè adiltè. Lè yon mari kite madanm li, si yon lòt nonm marye ak madanm lan, nonm sa a fè adiltè tou. 19Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bèl twal wouj e blan ki te koute chè. Chak jou, se te gwo fèt banbòch lakay li. 20Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng. 21Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou. 22Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. 23Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. 24Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. 25Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. 26Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou. 27Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen. 28Mwen gen senk frè. Mwen ta vle li al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a. 29Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. 30Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. 31Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.

Lik 17

1Jezi di disip li yo: Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive. 2Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' epi yo voye l' jete nan lanmè; wi, sa ta pi bon pou li pase pou l' ta lakòz yonn nan ti piti sa yo tonbe nan peche. 3Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l' chanje konpòtman li, padonnen li. 4Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l' di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li. 5Apòt yo di Jezi: Fè nou gen plis konfyans non. 6Jezi di yo: Si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di pye sikomò sa a: Derasinen tèt ou sot la a, al plante tèt ou nan lanmè, li ta obeyi nou. 7Sipoze yonn nan nou gen yon domestik k'ap travay tè l' osinon k'ap gade mouton pou li. Lè domestik la soti nan jaden, èske l'ap di li: Pwoche vit, vin chita bò tab la pou ou manje. 8Non. Okontrè. L'ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyèt ou pou ou ka sèvi m' pandan m'ap manje, pandan m'ap bwè. Se lè m' fin manje, ou menm wa manje, wa bwè. 9Li pa gen mèsi pou l' di domestik la paske domestik la fè sa l' te mande l' fè a, pa vre. 10Se menm jan an tou pou nou, lè nou fin fè tou sa yo te mande nou fè, se pou n' di: Se domestik nou ye, nou fè sa n' te dwe fè. 11Pandan Jezi te nan chemen pou li al Jerizalèm, li t'ap pase sou fwontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile. 12Antan l' t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l', 13yo pale byen fò, yo di l' konsa: Jezi, Mèt, gen pitye pou nou. 14Lè Jezi wè yo, li di: Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri. 15Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t'ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande. 16Li lage kò l' atè nan pye Jezi, li di l' mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari. 17Jezi pran lapawòl, li di l': Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo? 18Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l' vin fè lwanj Bondye? 19Epi li di li: Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. 20Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t'ap vin tabli gouvènman l' lan. Li reponn yo: Bondye ap vin tabli gouvènman l' lan yon jan pou tout moun wè li. 21Men, yo p'ap di: Men l' bò isit, osinon: Men l' bò laba. Paske, konnen sa byen, gouvenman Bondye a la nan mitan nou. 22Epi li di disip yo: Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p'ap wè sa. 23Y'a di nou: Gade, men l' bò isit, osinon: Gade, men l' bò laba. Pa ale, pa kouri dèyè yo. 24Lè yon kout zèklè fè yan, li klere syèl la byen klere depi yon bout jouk nan lòt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachè a, lè jou l' va rive. 25Men, anvan sa, li gen pou l' soufri anpil, moun alèkile yo p'ap vle wè li. 26Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini. 27Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout. 28Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. 29Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri. 30Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt. 31Jou sa a, moun ki va sou tèt kay p'ap bezwen desann anndan kay la ale pran zafè li. Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay ankò. 32Chonje istwa madanm Lòt la. 33Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li. 34M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. 35Va gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. 36Va gen dezòm nan yon menm jaden; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. 37Disip yo pran lapawòl, yo mande l' konsa: Ki kote sa pral fèt, Mèt? Li reponn yo: Kote kadav la va ye, se la votou yo va sanble.

Lik 18

1Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l' te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje: 2Vwala, se te yon jij ki te rete nan yon lavil; li pa t' pè Bondye ni li pa t' respekte pesonn. 3Nan menm lavil sa a, te gen yon vèv ki te konn vin bò kot jij la. Vèv la te toujou ap di li: Rann mwen jistis kont moun ki nan kont avè m' lan non. 4Pandan lontan jij la te refize fè sa pou li. Men, yon lè li di nan kè l': Se vre, mwen pa pè Bondye, ni mwen pa rete ak moun. 5Men, fanm sa a ap plede nwi mwen. M'ap rann li jistis, konsa la sispann anbete mwen. 6Jezi di: Nou tande sa move jij la di! 7Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo? 8M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men, lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini, èske la jwenn moun ki gen konfyans nan Bondye ankò sou latè? 9Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun: 10Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon. 11Farizyen an te kanpe apa, li t'ap lapriyè konsa: Bondye, m'ap di ou mèsi dapre mwen pa vòlò, ni visye, ni adiltè tankou lòt yo; mèsi dapre mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a. 12Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen. 13Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche. 14Lè sa a, Jezi di yo: M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li. 15Yo te mennen ata tibebe bay Jezi pou l' te mete men sou tèt yo. Lè disip yo wè sa, yo t'ap di moun yo pa fè sa. 16Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye. 17Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm mete pye l' nan peyi kote Bondye Wa a. 18Yonn nan chèf jwif yo mande Jezi: Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? 19Jezi di li: Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. 20Ou konn kòmandman yo: Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou. 21Nonm lan reponn: Mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te tikatkat. 22Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. 23Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil paske li te gen anpil byen. 24Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. 25L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. 26Moun ki t'ap koute l' yo di l': Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? 27Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li. 28Lè sa a, Pyè di l': Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou. 29Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a, 30moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an. 31Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive. 32Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li. 33Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l'; men sou twa jou la leve soti vivan nan lanmò. 34Men, disip yo pa t' konprann anyen nan sa; sans pawòl la te kache pou yo, yo pa t' kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa. 35Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko; te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. 36Lè l' tande foul moun yo ap pase, li mande sak genyen. 37Yo di li: Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase. 38Li pran rele: Jezi, pitit David la, pitye pou mwen. 39Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd: Pitit David la, pitye pou mwen. 40Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l' ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li: 41Kisa ou vle m' fè pou ou? Li reponn: Mèt, fè m' wè ankò. 42Epi Jezi di li: Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. 43Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain