Jou 284 sou 365
Matye 25–26
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Matye 25
1Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a. 2Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. 3Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv. 4Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. 5Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo. 6Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li. 7Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo. 8Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri. 9Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n' al achte nan men machann yo. 10Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo. 11Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou. 12Men msye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m' pa konnen nou. 13Apre sa, Jezi di yo: Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive. 14Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. 15Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa li bay yo chak dapre sa l' konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. 16Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l' senkmil (5.000) goud benefis. 17Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. 18Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la. 19Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. 20Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. 21Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou. 22Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. 23Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou. 24Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekolte kote ou pa t' simen, ou ranmase kote ou pa t' plante. 25Mwen te pè, se sak fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. 26Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante. 27Enben, se pou ou te mete lajan m' labank. Lè m' ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. 28Wete mil goud la nan men l', pran l' bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. 29Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; konsa la gen depase sa l' bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an. 30Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l' deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan. 31Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li. 32Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. 33La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li. 34Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan. 35Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou. 36Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen. 37Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? 38Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad? 39Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou? 40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li. 41Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. 42Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè. 43Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen. 44Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans? 45Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li. 46Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.
Matye 26
1Lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, li di disip li yo: 2Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l' sou kwa a. 3Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la. 4Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li. 5Yonn t'ap di lòt: Nou pa kapab arete l' pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd. 6Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la, 7yon fanm pwoche kote li. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat plen ak yon odè ki te koute byen chè. Pandan Jezi te chita bò tab la, fanm lan vide tout odè a sou tèt li. 8Lè disip yo wè sa, yo pa t' kontan menm. Yo di: Pouki tout gaspiyaj sa a? 9Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an. 10Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen. 11Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' pou tout tan. 12Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m' pou lantèman mwen. 13Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bon nouvèl sa a, y'a rakonte tou sa fanm sa a te fè pou yo pa janm bliye li. 14Lè sa a, yonn nan douz disip yo, nonm yo rele Jida Iskariòt la, al jwenn chèf prèt yo. 15Li di yo: Kisa n'a ban mwen si m' fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li. 16Depi lè sa a, Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi. 17Premye jou fèt pen san ledven yo, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: Ki bò ou ta vle nou pare manje Delivrans lan pou ou? 18Li reponn yo: Ale lavil la, kay entèl. n'a di l' konsa: Mèt la voye di ou: Lè pa l' la rive, se lakay ou l'ap fete Delivrans lan ansanm ak disip li yo. 19Disip yo fè sa Jezi te bay yo lòd fè a, yo pare manje Delivrans lan. 20Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo. 21Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. 22Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: Eske se mwen menm, Mèt? 23Li reponn yo: Moun ki tranpe pen l' ansanm avè m' nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen. 24Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt. 25Jida ki tapral trayi l' la pran lapawòl, li di: Mèt, èske se mwen menm? Jezi reponn li: Se ou ki di li. 26Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen. 27Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, li di: Se pou nou tout nou bwè ladan li. 28Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. 29M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m' wa a. 30Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo soti, y ale sou mòn Oliv la. 31Lè sa a, Jezi di disip li yo: Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m' pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa. 32Men, apre sa, lè m'a leve soti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile. 33Pyè pran lapawòl, li di li: Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou. 34Jezi di li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: aswè a menm, anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. 35Pyè reponn li: Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou. 36Apre sa, Jezi ale ak disip yo yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: Chita la. Mwen menm, mwen pral lapriyè pi lwen. 37Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li. 38Li di yo: Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou. 39li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a. 40Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: Kouman? Nou pa t' kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen! 41Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb. 42Li kite yo, li ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: O Papa m', si se pou m' bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l' devan je m', ou mèt fè l' jan ou vle a. 43Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t'ap kale yo. 44Li kite yo, li ale, li lapriyè yon twazyèm fwa. Li t'ap repete menm pawòl yo. 45Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di: N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo. 46Leve non, ann ale. Men moun k'ap trayi m' lan ap vini. 47Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li. 48Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li. 49Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: Bonswa, Mèt. Epi l' bo Jezi. 50Jezi di li: Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li. Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li. 51Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l', li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li. 52Jezi di l' konsa: Mete nepe ou nan fouwo l'; paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou. 53Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m' vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen. 54Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase. 55Apre sa, Jezi di foul moun yo: Nou vin dèyè m' ak nepe ak baton tankou si m' te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pa t' janm arete mwen. 56Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l', yo pran kouri. 57Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini. 58Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l' wè kouman sa t'apral fini. 59Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò. 60Men, yo pa t' kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li. 61Bout pou bout, de moun parèt. Yo di: Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l' ban nou. 62Granprèt la leve, li di Jezi: Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa? 63Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a? 64Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la. 65Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fèk tande ak zòrèy nou jan l' pale mal sou Bondye. 66Kisa nou di nan sa? Yo reponn: Li antò, se pou yo touye li. 67Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt. 68Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa. 69Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l', li di li konsa: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a. 70Men, Pyè demanti l' devan tout moun, li di: Mwen pa konnen sa w'ap di la a. 71Apre sa, Pyè leve, li ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo: Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la. 72Pyè demanti l' tou, li di: M'ap fè sèman, mwen pa konnen nonm sa a. 73Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou. 74Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m' si m' manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante. 75Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: Anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè soti, li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
