Jou 282 sou 365

Matye 21–22

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Matye 21

1Yo t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm, yo te gen tan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo, 2li di yo: Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n'a rive, n'a jwenn yon manman bourik mare, ak yon jenn ti bourik avèk li. Lage yo, mennen yo ban mwen. 3Si yon moun di nou kichòy, n'a reponn: Se Mèt la ki bezwen yo. Menm lè a, la kite nou ale ak yo. 4Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: 5Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman. 6Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a. 7Yo mennen manman bourik la ak jenn ti bourik la, yo mete rad yo sou bèt yo, epi Jezi moute chita. 8Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an. 9Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! 10Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t'ap mande: Ki moun nonm sa a ye menm? 11Foul moun yo menm t'ap reponn yo: Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a. 12Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. 13Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè. 14Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. 15Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la! 16Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M' tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou? 17Apre sa, li kite yo, li soti lavil la, li ale Betani. Se la li pase nwit lan. 18Nan denmen maten, antan yo t'ap tounen lavil Jerizalèm, Jezi te grangou. 19Li wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l'. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan: Ou p'ap janm donnen ankò. Menm lè a, pye fig frans lan cheche. 20Lè disip yo wè sa, yo pa t' manke sezi, yo di li: Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman? 21Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. 22Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l' lè n'ap lapriyè. 23Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a? 24Jezi reponn yo: M'ap poze nou yon keksyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo. 25Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè l'. 26Si nou reponn: Se moun ki te voye l', afè nou p'ap bon ak foul moun yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt. 27Apre sa, yo reponn Jezi: Nou pa konnen. Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo. 28Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l': Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an. 29Pitit la reponn li: Non, mwen pa vle! Men, pita li chanje lide, li ale. 30Apre sa, papa a pale ak lòt pi piti a, li di l' menm bagay la. Pi piti a reponn li: Wi, papa. Men, li pa janm mete pye li. 31Kilès nan de pitit yo ki fè volonte papa a? Yo reponn li: Pi gran an. Lè sa a, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou. 32Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou. 33Koute yon lòt parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou krase rezen yo. Li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li, lèfini li pati, li al nan vwayaj. 34Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l' bò kote jeran yo. 35Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch. 36Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an. 37Apre sa, li voye pwòp pitit gason l' bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou pitit mwen an. 38Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou. 39Yo mete men sou li, yo jete l' lòt bò jaden an, yo touye li. 40Bon, lè mèt jaden rezen an vini, kisa li va fè jeran sa yo? 41Yo reponn li: Li p'ap gen pitye pou yo. La fè touye malveyan sa yo, la pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l' pòsyon pa l' nan rekòt la lè sezon an va rive. 42Apre sa, Jezi di yo: Eske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la? Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. 43Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a. 44Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso. 45Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se pou yo Jezi t'ap pale. 46Lè sa a, yo t'ap chache yon jan pou mete men sou li. Men, yo te pè foul moun yo ki te pran Jezi pou yon bon pwofèt.

Matye 22

1Antan Jezi t'ap pale ak moun yo, li pran rakonte yo yon lòt parabòl: 2Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li. 3Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pa t' vle vini. 4Lè sa a, wa a voye lòt domestik, li di yo: Ale di envite yo manje a pare koulye a. Mwen gen tan fè touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo. Tout bagay pare. vin nan nòs la. 5Men, envite yo pa fè ka sa l' voye di yo a, y al okipe zafè yo. Yonn ladan yo ale nan jaden l', yon lòt ale nan trafik li. 6Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo. 7Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l' yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a. 8Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pa t' merite sa. 9Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la. 10Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun. 11Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l' al tonbe sou yon nonm ki pa t' abiye ak rad nòs la. 12Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo. 13Wa a di domestik li yo: Mare de pye l' ak de men l', voye l' jete deyò nan fènwa a. Se la la gen pou l' kriye, pou l' manje dan li. 14Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi. 15Lè sa a, farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li. 16Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l' ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun. 17Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? 18Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n'ap chache pran m' nan pèlen konsa, bann ipokrit? 19Moutre m' pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l' yon pyès lajan. 20Jezi mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li? 21Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. 22Lè yo tande sa, yo pa t' manke sezi. Yo kite l', y al fè wout yo. 23Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kot Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve). Yo poze Jezi keksyon sa a: 24Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l' gen pou marye ak madanm defen an pou l' ka fè pitit pou frè l' ki mouri a. 25Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l' pa t' gen pitit. Li kite madanm li pou frè li. 26Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase. 27Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou. 28Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout. 29Jezi reponn yo: Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye. 30Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. 31Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò, èske nou pa li sa Bondye te di nou: 32Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan. 33Tout moun ki t'ap koute l' yo te sezi tande sa l' t'ap di yo. 34Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen. 35Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li: 36Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a? 37Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. 38Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. 39Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. 40De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre. 41Antan farizyen yo te sanble, Jezi poze yo keksyon sa a: 42Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: Li se pitit pitit David! 43Jezi di yo: Bon, kouman David fè rele l' Seyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l' di: 44Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou. 45Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David? 46Okenn moun pa t' kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain