Jou 279 sou 365
Matye 12–13
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Matye 12
1Kèk jou apre sa, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Se te yon jou repo. Disip li yo te grangou. Se konsa yo pran keyi grap ble, yo t'ap manje grenn yo. 2Lè farizyen yo wè sa, yo di l' konsa: Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo. 3Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l' yo? 4Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l' yo pa t' gen dwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gen dwa sa a. 5Osinon, èske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa? 6Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan. 7Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n'ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan. 8Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, se mèt jou repo a mwen ye. 9Jezi kite kote l' te ye a, li antre nan yonn nan sinagòg yo. 10Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okasyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande l': Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou repo? 11Jezi reponn yo: Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, èske li p'ap rale l' mete deyò? 12Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo. 13Lè sa a, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la. 14Farizyen yo soti nan sinagòg la, y al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi. 15Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l' te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo. 16Men, li te pale sevè ak yo pou yo pa t' di ki moun li te ye. 17Tou sa pase konsa, pou pawòl pwofèt Ezayi te di a te ka rive vre: 18Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m' lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. m'a mete Lespri m' sou li, la fè tout nasyon yo konnen jijman mwen. 19Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l' fè diskou nan lari. 20Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt. 21Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li. 22Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t' ka wè, li pa t' ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè. 23Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou pa kwè se pitit David la sa? 24Lè farizyen yo tande sa, yo di: Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l' pouvwa pou sa. 25Men, Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou l' disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan. 26Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan. 27Si se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k'ap ban nou tò. 28Men, si se avek Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou. 29Pesonn pa ka antre lakay yon nonm vanyan pou vòlò byen l' yo, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', se atò la kapab piye kay la. 30Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye. 31Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo. 32Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l'. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k'ap vini apre sa a. 33Si pyebwa a bon, l'ap bay bon donn. Si pyebwa a pa bon, li p'ap bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. 34Bann vèmen! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka soti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li. 35Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo. 36M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pa t' bezwen di. 37Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab. 38Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a. 39Jezi reponn yo: Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la. 40Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè. 41Jou jijman an, moun lavil Neniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesaj li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas. 42Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon. 43Lè yon move lespri soti sou yon moun, li al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Men, li pa jwenn. 44Lè sa a, li di nan kè l': M'ap tounen lakay mwen, kote m' soti a. Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje. 45Lè konsa, li ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l', lespri yo vin ansanm avè l', yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo. 46Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l' ak frè l' yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l'. 47Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou. 48Men Jezi reponn moun ki te di l' sa a: Kilès ki manman m'? Kilès ki frè m'? 49Lè sa a, li lonje men l' sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m' ak frè m' yo. 50Tout moun ki fè sa Papa m' ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman m'.
Matye 13
1Menm jou sa a, Jezi soti nan kay la, li al chita bò lanmè a. 2Te sitèlman gen moun sanble tout bò kote Jezi, li moute nan yon kannòt, li chita. Tout foul moun yo menm te rete kanpe sou rivaj la. 3Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l' te fè yo konprann anpil bagay. Li t'ap di yo konsa: Ala, yon moun soti pou l' ale simen grenn nan jaden l'. 4Antan l'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: zwazo vini, yo manje yo. 5Yon pati grenn tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske yo pa t' antre fon anba tè a. 6Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo, yo cheche, paske rasen yo pa t' fon. 7Yon lòt pati tonbe nan mitan pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo. 8Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè; yo donnen. Genyen ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant. 9Apre sa, Jezi di yo: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. 10Disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande li: Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo? 11Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a. 12Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Konsa, la gen plis pase sa l' bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' nimm ti sa l' te genyen an. 13Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y'ap gade yo pa wè, lè y'ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann. 14Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: n'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. n'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè. 15Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye ki pale konsa. 16Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou. 17Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li. 18Koulye a, koute. Men sa parabòl moun ki t'ap simen an vle di. 19Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. 20Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. 21Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. 22Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm. 23Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant. 24Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li. 25Men, yon jou lannwit, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen move zèb nan mitan mayi yo. Apre sa, li ale. 26Lè mayi yo fin pouse, yo pran jete zepi. Lè sa a, move zèb la parèt tou. 27Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo soti? 28Li reponn yo: Se yon lènmi m' ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n' al rache move zèb yo? 29Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n'ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou. 30Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n' al boule. Mayi a menm, mete l' nan galata mwen. 31Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li. 32Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l' pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo. 33Li di yo yon lòt parabòl ankò: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou ledven yon fanm pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pa t' la leve. 34Se avèk parabòl konsa Jezi t'ap moutre foul moun yo tout bagay sa yo. Li pa t' louvri bouch li pou l' pa t' rakonte yo yon parabòl. 35Sa te pase konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: Se an parabòl m'ap pale ak yo. m'a fè yo konnen bagay ki te kache depi anvan Bondye te kreye latè. 36Apre sa, Jezi kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an. 37Li reponn yo: Moun ki simen bon grenn lan, se Moun Bondye voye nan lachè a. 38Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan. 39Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. 40Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. 41Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. y'a mete yo deyò nan Peyi kote l' Wa a. 42Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. 43Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. Parabòl ja lajan an 44Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an. 45Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. 46Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li. 47Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason. 48Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l' sou bò rivaj la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò. 49Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. 50y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. 51Jezi mande disip li yo: Eske nou konprann tou sa? Yo reponn: Wi. 52Lè sa a, Jezi di yo: Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k'ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l' yo. 53Lè Jezi fin di parabòl sa yo, li kite kote l' te ye a. 54li ale nan lavil kote l' te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l' te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo? 55Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye? 56Apa tout sè l' yo la avèk nou. Kote l' jwenn tout bagay sa yo? 57Se sak fè yo te jwenn nan li okazyon tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l' ak nan fanmi li. 58Se konsa Jezi pa t' fè anpil mirak la, paske yo pa t' kwè nan li.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
