Jou 244 sou 365

Ezekyèl 25–27

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ezekyèl 25

1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè. 3W'a di moun peyi Amon yo: Koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou te twò kontan lè yo te derespekte kay ki apa pou mwen an. Nou te twò kontan lè yo t'ap devalize peyi Izrayèl la, lè yo t'ap depòte moun Jida yo. 4Se poutèt sa m'ap lage nou nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Yo pral moute kan yo nan mitan peyi nou an, se la y'ap rete. Yo pral manje tout rekòt nou yo, y'ap bwè tout lèt bèt nou yo. 5M'ap fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M'ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 6Men sa Seyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la. 7Se poutèt sa m'ap lonje men m' sou nou pou m' pini nou, m'ap lage nou nan men moun lòt nasyon k'ap piye nou. Ras nou an ap fini nèt sou latè, peyi nou an ap disparèt. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 8Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Moun peyi Moab yo ak moun lavil Seyi yo te di peyi Jida a tankou tout lòt nasyon yo. 9Enben, mwen pral fè yo atake lavil k'ap defann fwontyè peyi Moab la. Yo pral kraze yo tout, ata pi bèl vil yo tankou Bèt-Jechimòt, Baal Meon ak Kiriya-Tayim. 10M'ap lage peyi Moab ansanm ak peyi Amon nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Y'ap pran yo pou yo. Konsa, yo p'ap janm chonje te gen yon peyi yo te rele Moab ankò sou latè. 11Se konsa m'ap pini peyi Moab la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 12Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Moun peyi Edon yo te tire revanj yo sou peyi Jida a. Se sa ki fè yo antò anpil lè yo t'ap tire revanj yo sou peyi Jida a. 13Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè. 14Se pèp mwen an, pèp Izrayèl la, ki pral tire revanj pou mwen sou peyi Edon an. Li pral fè moun Edon yo santi jan mwen konn ankòlè, jan m' konn move. Lè sa a, Edon va konnen jan m' konn tire revanj mwen sou moun. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale. 15Seyè sèl Mèt la di konsa: -Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj. 16Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m' sou moun Filisti yo pou m' pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a. 17Se pa ti pini m' pral pini yo, m'ap tire revanj mwen sou yo. M' pral move anpil sou yo. Lè m'a tire revanj mwen sou yo, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekyèl 26

1Nan premye jou mwa a nan onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2-Nonm o! Lavil Tir pa t' manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Koulye a, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen anyen lavil Jerizalèm ankò. 3Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap leve dèyè nou tou, nou menm moun lavil Tir. Mwen pral mennen anpil nasyon vin atake nou. Yo pral vin sou nou yonn apre lòt tankou lanm lanmè. 4Yo pral kraze miray ranpa lavil yo. Y'ap demoli gwo fò won yo. Lèfini, m'ap pote tout pousyè a ale. M'ap kite wòch yo griyen konsa. 5Pechè yo pral mete senn cheche sou yo, la kote lavil la te kanpe nan mitan lanmè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa. Nasyon yo pral piye lavil la. 6Yo pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a ak nepe. Lè sa a, lavil Tir va konnen se mwen menm ki Seyè a. 7Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Mwen pral voye Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pi gran wa pase tout wa yo, vin atake Tir. L'ap soti nan nò avèk chwal, cha lagè, kavalye ak yon gwo lame sòlda. 8Li pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a. Li pral fouye gwo kannal, li pral anpile ranblè tout arebò ou. Li pral moute yon miray ak plak fè pou pare kou. 9Li pral frape sou miray yo avèk gwo poto. Li pral demoli gwo fò won yo ak gwo pens fè. 10Tèlman pral gen chwal, chwal yo pral leve yon gwo nwaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la. Lè kavalye l' yo ap pase sou chwal yo, lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo, miray yo pral tranble. Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe. 11Nou pral tande bri zago chwal li yo nan tout lari yo. L'ap fè yo touye tout moun ak nepe. Bèl gwo poto solid ou yo pral tonbe atè. 12Yo pral pran tout richès ou yo, yo pral piye tout machandiz ou yo. Y'ap kraze tout miray ou yo, y'ap demoli tout bèl kay ou yo. Y'ap pran wòch yo, bwa yo ak tout rès demoli yo, y'ap jete yo nan lanmè. 13M'ap fè nou sispann chante. Yo p'ap tande mizik gita nou yo ankò. 14Lavil la pral tounen yon gwo pil wòch, se la pechè yo pral cheche senn yo. Yo p'ap janm rebati lavil la ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 15Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun lavil Tir yo: Lè lavil la va tonbe nan men lènmi l' yo, lè y'a pran masakre moun ladan l', lè moun y'ap touye yo ap rele, moun ki rete tout bò gwo lanmè a va tranble. 16Tout wa peyi k'ap fè kòmès sou lanmè a ap desann soti sou fotèy yo, y'ap wete gwo manto ak bèl rad bwode ki te sou yo. Yo pral chita atè sitèlman y'ap pè. Yo pral sitèlman sezi wè sa ki rive nou, y'ap tranble san rete. 17Yo pral plenn sò ou. Yo pral di: -Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt! Tout batiman l' yo koule! Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a! Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo. 18Koulye a, tout moun bò gwo lanmè yo ap tranble lè y'a wè ou tonbe nan men lènmi ou yo. Wi, moun ki rete bò gwo lanmè a p'ap konn sa pou yo fè lè y'a wè jan ou fini an! 19Paske, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap fè ou tounen yon dezè, tankou lavil kote pa gen moun rete. M'ap fè dlo lanmè a leve dèyè ou, l'ap kouvri ou nèt ale. 20M'ap fè nou desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap voye nou al jwenn moun ki mouri depi lontan yo. M'ap fè nou al rete nan peyi ki anba tè a, kote nou pral rete pou kont nou, pou tout tan ansanm ak moun ki mouri deja yo. Konsa, nou p'ap gen plas nou ankò sou latè pami vivan yo. 21Mwen pral fè tout moun pè lè yo wè sa ki rive nou. Se konsa n'a fini. Moun va chache nou, men yo p'ap janm jwenn nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.

Ezekyèl 27

1Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2-Nonm o! Chante pou plenn sò lavil Tir! 3W'a pale ak moun lavil Tir yo, lavil ki kanpe bò lanmè a, lavil k'ap fè kòmès ak dènye moun ki rete bò lanmè, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: -Nou menm, moun lavil Tir, k'ap mache di: Pa gen pi bèl peyi pase peyi nou an! 4Fwontyè nou rive jouk nan mitan lanmè. Moun ki bati lavil la te bati l' tankou yon bèl batiman. 5Yo te pran bwapen sou mòn Seni fè planch pou sèvi bòday nou yo. Yo pran yon bwa sèd peyi Liban pou fè ma pou nou. 6Yo pran bwadchenn peyi Bazan pou fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan lil Chip pou fè pon an. Lèfini, yo plake moso ivwa sou tout pon an. 7Vwal batiman an te fèt ak bèl twal fin blan bwode ki soti peyi Lejip. Se te drapo pa nou sa! Kabin sou pon an te kouvri ak bèl twal violèt, bèl twal wouj ki soti nan lil Elicha. 8Se gason ki soti lavil Sidon ak lavil Avad k'ap naje zaviwon pou ou. Men, se moun lavil la menm ki te fò anpil nan lamarin ki te maren sou batiman an. 9Se ansyen gwo bòs chapant lavil Gebal ak bon ouvriye yo ki te abò batiman an pou fè reparasyon. Maren tout batiman ki sou lanmè a vin fè trafik lakay ou. 10Nan lame ou la se renk moun peyi Pès, moun peyi Loud ak moun peyi Pout ki t'ap sèvi. Yo konn fè lagè. Se nan kazèn ou yo yo te konn mete gwo plak fè pwotèj yo ak kas an fè yo. Se moun sa yo ki te fè ou rive nan tout bèl pozisyon sa a. 11Sòlda ki soti lavil Avad ap veye sou tout miray ranpa ou yo. Sòlda ki soti lavil Gamad t'ap fè faksyonnè sou tout gwo fò won ou yo. Yo pandye plak fè pwotèj yo sou tout miray yo. Se moun sa yo ki te fè ou bèl kont bèl ou. 12Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo. 13Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo. 14Ou fè trafik ak moun Togama. Ou vann yo machandiz pa ou. Pou peye ou, yo ba ou chwal pou travay, chwal pou fè lagè ak milèt. 15Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa. 16Moun peyi Siri yo fè komès avèk ou paske ou te gen anpil machandiz. Yo vann ou bèl pyè ki koute chè, bèl twal wouj, twal bwode, grenn koray, twal fin blan, ak pyè woubi. Ou menm, ou vann yo machandiz pa ou. 17Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl yo te fè kòmès avè ou tou. Pou peye ou, yo ba ou ble, pitimi, siwo myèl, lwil oliv ak zepis. 18Moun Damas yo achte machandiz ou yo ak tout kalite bèl bagay ou te gen an kantite. Yo te vann ou diven ki soti Elbon ak lenn ki soti Saar. 19Moun soti depi lavil Wazal, yo ba ou diven, fè fòje, kannèl ak zepis pou machandiz ou yo. 20Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo. 21Moun peyi Arabi yo ak chèf peyi Keda yo te pratik ou tou. Yo te vann ou ti mouton, belye mouton ak bouk kabrit. 22Machann ki soti Seba ak Rema vin vann ou bon kalite zepis, bèl pyè ki koute chè ak lò. 23Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki soti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t'ap fè kòmès avè ou. 24Yo vann ou bèl twal ki koute chè, twal wouj, twal bwode, bèl tapi tout koulè, bon kòd trese byen solid. 25Gwo batiman Tasis yo t'ap vwayaje toupatou al vann machandiz ou yo. Ou te tankou yon batiman chaje kouleba, nan mitan lanmè. 26Moun ki t'ap naje zaviwon yo te mennen ou byen lwen nan fon lanmè. Yon sèl van lès te fè ou koule byen lwen nan mitan lanmè. 27Tout richès ou yo, tout machandiz ou yo, ak tout pwovizyon ou yo ansanm ak tout maren ak tout moun k'ap travay pou ou yo, bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo, tout sòlda ki te abò ou yo ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an, yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè lè batiman ou lan koule. 28Rèl maren k'ap neye yo fè moun ki rete sou rivaj yo pran tranble. 29Tout moun ki t'ap naje zaviwon yo desann atè, yo kite batiman yo. Tout maren yo rete atè. 30Y'ap kriye pou ou, y'ap plenn sò ou. Y'ap voye pousyè tè sou tèt yo, y'ap woule kò yo nan sann dife, tèlman y'ap nan lapenn. 31Yo koupe tout cheve nan tèt yo. Yo mete rad sak sou yo. Sa fè yo mal anpil pou ou. Yo dekouraje, y'ap plenn sò ou. 32Nan lapenn yo y'ap chante sou ou. Yo pral plenn sò ou ak dlo nan je. Y'ap di: Pa te gen tankou lavil Tir ki koulye a koule nan fon lanmè! 33Lè ou voye machandiz ou yo vann lòt bò dlo, tout nasyon yo jwenn sa yo bezwen. Avèk kantite machandiz ak danre ou yo, ou te fè anpil wa vin rich. 34Koulye a, ou koule nan fon lanmè. Tout machandiz ou yo, tout moun ki t'ap travay pou ou yo disparèt ansanm avè ou nan lanmè. 35Tout moun ki rete nan peyi bò gwo lanmè a sezi tande sa ki rive ou. Ata wa yo gen kè sote. Yo kagou sitèlman yo pè. 36Moun k'ap fè kòmès nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Wi, ou fini, ou fini nèt.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain