Jou 176 sou 365
Sòm 112–118
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Sòm 112
1Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande! 2Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li. 3Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. 4Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri. 5Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis! 6Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'. 7Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a. 8Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo. 9Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'. 10Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.
Sòm 113
1Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li! 2Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan. 3Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a! 4Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la. 5Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt. 6Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a. 7Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè. 8Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a. 9Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 114
1Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo, 2Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'. 3Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann. 4Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton. 5Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule? 6Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton? 7Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la. 8Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.
Sòm 115
1Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou! 2Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an? 3Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle. 4Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. 5Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. 6Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant. 7Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo. 8Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo. 9Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 10Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 11Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 12Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo. 13L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran. 14Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou. 15Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou! 16Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo. 17Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li. 18Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 116
1Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. 2Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'. 3Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn. 4Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non! 5Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè. 6Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. 7Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen. 8Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite. 9Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo. 10Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen! 11menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans! 12Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo? 13M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi. 14Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a. 15Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri! 16Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo. 17M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi. 18-(we vèsè pwochen) 19Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 117
1Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li! 2Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 118
1Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou! 2Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 3Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 4Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 5Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'. 6Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'? 7Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo. 8Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun. 9Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf. 10Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 11Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 12Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 13Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou. 14Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. 15Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li. 16Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li. 17Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen. 18Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'. 19Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi. 20Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'. 21Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'. 22Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. 23Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa! 24Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan! 25Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè! 26Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou. 27Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la. 28Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa! 29Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
