Jou 174 sou 365

Sòm 104–106

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Sòm 104

1Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! 2Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete. 3Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale. 4Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou. 5Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'. 6Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo. 7Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò. 8Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo. 9Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò. 10Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo. 11Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo. 12Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo. 13Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou. 14Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje, 15pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs. 16Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen. 17Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo. 18Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo. 19Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche. 20Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò. 21Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje. 22Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo. 23Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche. 24Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. 25Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti. 26Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'. 27Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen. 28Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo. 29Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a. 30Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi. 31Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè. 32Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen. 33M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la. 34Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan. 35Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!

Sòm 105

1Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! 2Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo! 3Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt! 4Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li. 5-(we vèsè pwochen) 6Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li! 7Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè. 8-(we vèsè pwochen) 9L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan. 10Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan. 11Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo. 12Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a. 13Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt. 14Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo. 15Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen. 16Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo, 17li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la. 18Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li, 19jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon. 20Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'. 21Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a. 22Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè. 23Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo. 24Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo. 25Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li. 26Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi. 27Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip. 28Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo. 29Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo. 30Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a. 31Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a. 32Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a. 33Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè. 34Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite. 35Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo. 36Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Wi, li touye tout premye pitit gason yo. 37Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm. 38Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil. 39Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit. 40Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo. 41Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè. 42Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la. 43Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan. 44Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun, 45pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a!

Sòm 106

1Lwanj pou Seyè a! Wi, lwanj pou Seyè a paske li bon: li p'ap janm sispann renmen nou. 2Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Seyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li? 3Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l' fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li! 4Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo. 5Konsa, m'a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M'a fè kè m' kontan ansanm ak pèp ou a. M'a pran plezi m' ansanm ak moun ki pou ou yo. 6Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal. 7Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la. 8Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l' moutre jan li gen pouvwa. 9Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè. 10Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo. 11Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape. 12Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l' te di a, yo chante pou fè lwanj li. 13Men, lamenm, yo bliye sa l' te fè pou yo. Yo pa t' tann li fin fè pou yo sa l' te gen nan lide l'. 14Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo. 15Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo. 16Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a. 17Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo. 18Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo. 19Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a. 20Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb. 21Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip, 22mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la. 23Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo. 24Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye. 25Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a. 26Lè sa a, Seyè a leve men l', li sèmante l'ap fè yo peri nan dezè a. 27L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje. 28Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo. 29Sa te moute kolè Seyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t'ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo. 30Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri. 31Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan. 32Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo. 33Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pa t' gen dwa fè. 34Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a. 35Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo. 36Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo. 37Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. 38Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye. 39Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye. 40Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo. 41Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo. 42Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo. 43Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche. 44Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele. 45Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil. 46Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo. 47Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. 48Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain