Jou 141 sou 365

Neemi 1–3

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Neemi 1

1Men istwa Neemi, pitit gason Akalya a, jan li menm li te rakonte l' la. Se te nan mwa Kislèv. Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen. Mwen menm, Neemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a. 2Anani, yonn nan frè m' yo, rive soti nan peyi Jida ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl jwif yo, ti ponyen moun pèp Izrayèl ki te soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Jerizalèm. 3Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a. 4Lè m' tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la. 5Mwen di: -Aa, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo. 6Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche. 7Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou. 8Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo. 9Men, si nou tounen vin jwenn mwen, si nou pran swiv kòmandman mwen yo pou nou fè sa m' di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk byen lwen nan dènye bout latè a, m'ap sanble nou, m'ap fè nou tounen kote mwen chwazi pou m' rete a. 10Enben! Seyè, men yo, moun k'ap sèvi ou yo. Men pèp ou a, pèp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou a. 11Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.

Neemi 2

1Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen, nou te nan mitan mwa Nisan. Jou sa a, se te tou pa m' pou m' te pote diven bay wa a. Mwen pran diven an, mwen pote l' ba li. Li pa t' janm konn wè m' parèt devan l' kagou. 2Epi li di m' konsa: -Ki jan figi ou fè rale konsa? Se pa malad ou malad? Kisa k'ap fè ou lapenn konsa? Lè sa a m'ap mande nan kè m' sa ki pral rive m'. 3Mwen reponn li: -Mwen swete pou monwa viv lontan! Men, ki jan pou m' fè pa kagou lè lavil kote zansèt mwen yo antere a ap fin kraze, lè dife fin boule tout pòtay li yo? 4Wa a di m' konsa: -Kisa ou ta renmen m' fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m'. 5Epi mwen reponn li: -Si sa fè monwa plezi, si ou kontan jan m'ap sèvi ou la, tanpri, kite m' ale nan peyi Jida, nan lavil kote zansèt mwen yo antere a, pou m' ka rebati l'. 6Wa a te chita avèk larenn li bò kote l', li mande m': -Konbe tan vwayaj la pral pran ou? Kilè w'a tounen? Mwen di l' konbe tan sa ka pran m'. Epi li dakò pou l' kite m' ale. 7Lè sa a, mwen di wa a: -Si sa fè monwa plezi, li ta fè ekri kèk lèt pou mwen pou gouvènè ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat yo, pou yo ka kite m' pase jouk mwen rive nan peyi Jida. 8Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen. 9Wa a te voye kèk ofisye nan lame a ak kèk kavalye pou ale avè m'. Se konsa, mwen pati pou pwovens ki lòt bò larivyè Lefrat la, mwen pase lakay tout gouvènè yo, mwen renmèt yo lèt wa a te ban mwen pou yo. 10Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon, ak Tobija, yon moun peyi Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, vin konnen te gen yon nonm ki te vin travay pou byen pèp Izrayèl la, sa te gate san yo anpil. 11Lè m' rive lavil Jerizalèm, mwen kite twa jou pase anvan m' fè anyen. 12Apre sa, mwen leve nan mitan lannwit, mwen pran kèk moun pa m' avè m'. Mwen pati san m' pa di pesonn sa Bondye te ban m' lide fè pou lavil Jerizalèm. Sèl bèt nou te pran ak nou, se te bèt pou m' moute a. 13Li te fè nwa. Nou soti nan pòtay Ti Fon an ki sou bò lwès, nou vire desann nan direksyon sid, nou pase devan Fontenn Dragon an, ak devan pòtay Depotwa a. Sou tout wout la, mwen t'ap egzaminen eta ranpa lavil Jerizalèm lan, kote ki te gen twou ak pòtay dife te boule yo. 14Mwen vanse pi devan, mwen vire sou bò nò. Mwen pase devan pòtay Fontenn lan ak Rezèvwa Wa a. Lè m' rive la, bèt mwen te moute a pa t' ka jwenn kote pou l' pase. 15Nan fènwa a, mwen pase nan ravin lan, mwen moute nan direksyon nò. Mwen t'ap egzaminen eta miray la byen. Apre sa, mwen kase tèt tounen sou menm chemen m' te pase a, mwen antre nan lavil la, nan pòtay Ti-Fon an. 16Pesonn nan chèf lavil yo pa t' konnen kote m' te ale ni sa m' te al fè. Lè sa a, mwen pa t' ankò di jwif yo anyen, ni prèt yo, ni chèf yo, ni majistra yo, ni ankenn lòt moun ki te reskonsab travay reparasyon yo. 17Men lè sa a, mwen di yo: -Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont. 18Lè sa a, mwen fè yo konnen ki jan Bondye te la avè m' pou pwoteje m' ak tou sa wa a te di m'. Yo reponn: -Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la. 19Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: -Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a! 20Mwen reponn, mwen di yo: -Se Bondye nan syèl la k'ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral konmanse rebati l'. Men nou menm, moun lòt nasyon, nou pa gen ankenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Pesonn pa janm nonmen non nou nan koze lavil Jerizalèm.

Neemi 3

1Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl. 2Moun lavil Jeriko yo rebati ti pòsyon ki vin apre pa Elyachib, granprèt la. Zakòv, pitit gason Imri a, rebati pòsyon ki vin apre pa moun Jeriko yo. 3Moun branch fanmi Sena yo rebati Pòtay Pwason yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay yo. 4Meremòt, pitit Ouri, pitit pitit Akòk la, repare pòsyon ki vin apre a. Mechoulam, pitit gason Berekya a, pitit pitit Mechezabeyèl la, rebati pòsyon ki vin apre a. Zadòk, pitit gason Bana a, rebati pòsyon ki vin apre a. 5Moun lavil Tekoa yo rebati pòsyon ki vin apre a. Men, grannèg lavil Tekoa yo te refize fè travay chèf la te ba yo fè a. 6Jojada, pitit gason Paseyak, ak Mechoulam, pitit gason Besodya a, travay ansanm pou rebati Pòtay Ansyen an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. 7Melatya, moun lavil Gabawon, Jadon, moun lavil Mewonòt, avèk moun lavil Gabawon yo ansanm ak moun lavil Mispa yo rebati pòtay miray ki vin apre a, rive jouk bò kay gouvènè Pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. 8Ouzyèl, pitit gason Araja, yon òfèv, te rebati pòsyon ki vin apre a. Ananya, yon nonm ki konn fè odè, te repare pòsyon ki vin apre a. Se konsa yo te ranfòse ranpa lavil Jerizalèm lan jouk gwo miray laj la. 9Refaja, pitit gason Our la, chèf mwatye lavil Jerizalèm, te repare pòsyon ki vin apre a. 10Jedaya, pitit gason Awoumaf, te rebati pòsyon miray ki devan lakay li a. Atouch, pitit gason Achabneja a, rebati pòsyon ki vin apre a. 11Malkija, pitit gason Arim lan, ak Achoub, pitit gason Pakat Moab la, te repare tou pòsyon ki vin apre a, jouk Fò Founacho a. 12Chaloum, pitit gason Aloèch la, chèf lòt mwatye lavil Jerizalèm la, te rebati pòsyon ki vin apre a. Pitit fi li yo te ede l' nan travay la. 13Anoun avèk moun ki rete lavil Zanoak yo rebati Pòtay Ti-Fon an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Epi yo repare yon bout nan miray la ki te mezire milsenksan (01.500) pye longè rive jouk bò Pòtay Depotwa a. 14Se Malkija, pitit gason Rekab la, chèf lavil Bèt akerèm lan, ki te rebati Pòtay Depotwa a, li menm ansanm ak pitit gason l' yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. 15Se Chaloum, pitit gason Koloze a, gouvènè lavil Mispa a, ki te rebati Pòtay Fontenn lan. Li mete yon twati sou li, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Li refè miray ki soti bò letan Chela a tou, toupre jaden wa a, rive jouk bò macheskalye ki desann soti nan lavil David la. 16Neemi, pitit Azbouk, chèf mwatye lavil Bèt-Sou a, te rebati pòsyon ki vin apre a, rive bò tonm David la, bò sitèn dlo a, ak bò kazèn Vanyan gason yo. 17Men moun Levi ki te ede rebati miray ranpa yo: Reyoum, pitit gason Bani a, te rebati pòsyon ki vin apre pa Neemi an. Achabya, chèf mwatye lavil Keyla a, rebati pòsyon ki vin apre a pou tout moun ki sou bò pa l' nan lavil la. 18Bavayi, pitit gason Enadad, ki te chèf lòt mwatye lavil Keyla a, te rebati pòsyon ki vin apre a. 19Ezè, pitit gason Jechwa a, chèf lavil Mispa, repare yon dezyèm lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, anfas kote pou moute lasnal la, nan direksyon kwen miray ranpa a. 20Bawouk, pitit gason Zabayi a, te repare pòsyon ki vin apre a, depi kwen an rive devan pòt kay Elyachib, granprèt la. 21Meremòt, pitit gason Ouri a, pitit pitit gason Akòz, te rebati pòsyon ki vin apre a, pran depi devan papòt kay Elyachib la rive jouk nan dènye bout kay la. 22Men non prèt ki te ede nan rebati miray ranpa lavil Jerizalèm lan tou. Prèt ki rete nan tout zòn bò lavil la rebati pòsyon miray ki vin apre kay Elyachib la. 23Benjamen ak Achoub te repare pòsyon miray ki devan lakay yo a, pòsyon ki vin apre a. Azarya, pitit gason Maseya a, pitit pitit gason Ananya a, te rebati pòsyon miray ki vin apre a, devan lakay li a. 24Bennwi, pitit gason Enadad la, te repare yon lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, depi bò kay Azarya a rive jouk nan kwen an. 25Palal, pitit gason Ouzayi a, te repare pòsyon ki vin apre a. Li konmanse nan kwen an, li pran miray Fò Palè Wa ki anwo nan lakou prizon an. Pedaja, pitit gason Pareòch la, repare pòsyon ki vin apre a, 26moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.) 27Moun lavil Tekoa yo te repare yon lòt pòsyon ankò nan miray la, pòsyon ki vin apre a, anfas gwo fò ki pwoteje tanp lan, rive toupre miray Ofèl la. 28Yon gwoup prèt te rebati pòsyon ki vin apre a, nan direksyon nò. Chak moun te rebati pòsyon ki devan kay yo a. 29Zadòk, pitit Imè a, te repare pòsyon ki vin apre a, anfas lakay li a. Chemaya, pitit Chekanya a, nonm ki te wachmann Pòtay Solèy leve a, te rebati pòsyon ki vin apre a. 30Ananya, pitit Chelemaya a, ak Anoun, sizyèm gason Zalaf la, rebati pòsyon ki vin apre a. Se te dezyèm pòsyon yo te repare. Mechoulam, pitit gason Berekya a, rebati pòsyon ki te vin apre a, anfas lakay li a. 31Malchiya, yon òfèv, te repare pòsyon ki vin apre a, jouk kote travayè tanp yo ak kòmèsan yo rete, anfas Pòtay Mifkad la ki bay sou tanp lan, toupre pyès chanm ki anwo kwen sou bò miray la. 32Efèv yo ak kòmèsan yo te rebati pòsyon miray ki soti bò pyès chanm anwo kwen nò a rive Pòtay Mouton yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain