Jou 138 sou 365
Esdras 1–4
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Esdras 1
1Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la: 2-Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida. 3Nou mande pou Bondye pèp Izrayèl la beni tout moun ki fè pati pèp sa a pou yo moute lavil Jerizalèm, nan peyi Jida, pou yo rebati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye yo adore lavil Jerizalèm lan. 4Toupatou nan peyi a, moun k'ap viv menm kote ak ti rès ki rete nan pèp Izrayèl la va ba yo konkou pou yo ka tounen nan peyi pa yo. Y'a ba yo ajan ak lò, pwovizyon ak bèt ansanm ak tout lòt bagay yo vle ba yo pou yo ofri nan tanp Bondye a ki nan lavil Jerizalèm lan. 5Lè sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Seyè a, yo leve pou y' al rebati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm. 6Tout vwazen yo te ba yo tout kalite konkou, bagay fèt an ajan ak an lò, pwovizyon, bèt ak anpil lòt bagay ki gen anpil valè, san konte tout kalite bagay yo te vle bay pou ofri nan tanp lan. 7Nan tan lontan, wa Nèbikadneza te pran tout bòl ak tout lòt bagay ki t'ap sèvi nan tanp Seyè a lavil Jerizalèm, li te mete yo nan tanp bondye pa l' la. Wa Siris fè chache tout bagay sa yo. 8Li fè Mitridat ki te reskonsab tout richès peyi a mete yo deyò pou l' te kontwole yo bay Chechbaza, gouvènè peyi Jida a. 9Men sa yo te jwenn: trant gwo bòl an lò pou mete ofrann mil (01.000) gwo bòl an ajan pou mete ofrann ventnèf lòt gwo kouto 10trant ti bòl an lò katsandis (0410) ti bòl an ajan mil (01.000) lòt kalite bagay. 11Antou, sa te fè senkmilkatsan (05.400) divès kalite bagay an lò ak an ajan. Se tout bagay sa yo Chechbaza te pran ak li lè li t'ap kite lavil Babilòn ansanm ak lòt moun yo te depòte yo, pou tounen lavil Jerizalèm.
Esdras 2
1Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn. 2Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi: 3Nan fanmi Pareòch yo, demilsanswasanndouz (02.172) moun. 4Nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (0372) moun. 5Nan fanmi Arak yo, sètsanswasannkenz (0775) moun. 6Nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demilwitsandouz (02.812) moun. 7Nan fanmi Elam yo, mildesansenkannkat (01.254) moun. 8Nan fanmi Zatou yo, nèfsankarannsenk (0945) moun. 9Nan fanmi Zakayi yo, sètsanswasant (0760) moun. 10Nan fanmi Bani yo, sisankarannde (0642) moun. 11Nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwa (0623) moun. 12Nan fanmi Azgad yo, mildesanvennde (01.222) moun. 13Nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsis (0666) moun. 14Nan fanmi Bigwayi yo, demilsenkannsis (02.056) moun. 15Nan fanmi Aden yo, katsansenkannkat (0454) moun. 16Nan fanmi Atè yo, (anvan sa Atè te rele Ezekyas) katrevendizwit moun. 17Nan fanmi Betzayi yo, twasanvenntwa (0323) moun. 18Nan fanmi Jora yo, sandouz (0112) moun. 19Nan fanmi Achoum yo, desanvenntwa (0223) moun. 20Nan fanmi Giba yo, katrevenkenz moun. 21Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm, sanvenntwa (0123) moun. 22Pou lavil Netofa, senkannsis moun. 23Pou lavil Anatòt, sanvenntwit (0128) moun. 24Pou lavil Azmavèt, karannde moun. 25Pou lavil Kiriyat-Jearim ansanm ak pou lavil Kefera ak pou lavil Beewòt, sètsankaranntwa (0743) moun. 26Pou lavil Arama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (0621) moun. 27Pou lavil Mikmas, sanvennde (0122) moun. 28Pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, desanvenntwa (0223) moun. 29Pou lavil Nebo, senkannde moun. 30Pou lavil Magbich, sansenkannsis (0156) moun. 31Pou lòt lavil Elam lan, mildesansenkannkat (01.254) moun. 32Pou lavil Arim, twasanven (0320) moun. 33Pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak lavil Ono, sètsanvennsenk (0725) moun. 34Pou lavil Jeriko, twasankarannsenk (0345) moun. 35Pou lavil Senaa, twamilsisantrant (03.630) moun. 36Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja, ki soti nan branch Jozye a, nèfsanswasanntrèz (0973) moun. 37Nan pitit Imè yo, milsenkannde (01.052) moun. 38Nan pitit Pachou yo, mildesankarannsèt (01.247) moun. 39Nan pitit Arim yo, mildisèt (01.017) moun. 40Men lis moun Levi ki te tounen yo: Nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl, ki soti nan branch fanmi Odavya a, swasannkatòz moun. 41Te gen sanvenntwit (0128) sanba ki konn chante ak fè mizik nan tanp lan ki te tounen. Yo soti nan branch fanmi Asaf. 42Te gen santrantnèf (0139) moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan. Yo soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi. 43Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a epi ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt, 44moun fanmi Kewòs, moun fanmi Siyaa ak moun fanmi Padon, 45moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Akoub, 46moun fanmi Agad, moun fanmi Chamlayi ak moun fanmi Anan, 47moun fanmi Gidèl, moun fanmi Gaka ak moun fanmi Reaja, 48moun fanmi Rezen, moun fanmi Nekoda ak moun fanmi Gazam, 49moun fanmi Ouza, moun fanmi Paseyak ak moun fanmi Besayi, 50moun fanmi Asna, moun fanmi Neounen ak moun fanmi Nefisim, 51moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou, 52moun fanmi Baslout, moun fanmi Mechisa ak moun fanmi Acha, 53moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak, 54moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa. 55Men lis moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Pewouda, 56moun fanmi Yaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl, 57moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt Azebayim ak moun fanmi Ami. 58Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou sa te fè twasankatrevendouz (0392). 59Men, te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, lavil Imè ki te moun nan peyi Babilòn epi ki te moute ansanm ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou wè si yo te fè pati pèp Izrayèl la vre. 60Se te pitit Delaya, pitit Tobija ak pitit Nekoda: antou sisansenkannde (0652) moun. 61Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Abaya, moun fanmi Akòz ak moun fanmi Bazilayi. Zansèt Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo. 62Sa ki pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo, yo pa t' asepte yo pou prèt. 63Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle. 64Antou nèt, te gen karanndemil tousanswasant (042.360) moun ki tounen nan peyi a. 65Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (07.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (0200) gason ak fanm ki te konn fè misik ak chante. 66Te gen sètsanswasannsis (0766) chwal, desankarannsenk (0245) milèt, 67katsantrannsenk chamo (0435) ak simil sètsanven (06.720) bourik. 68Lè yo rive nan tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a. 69Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven (016.520) ons lò, sandisètmil (0117.000) ons ajan ak san (0100) gwo rad pou prèt yo mete sou yo. 70Prèt yo, moun Levi yo ak kèk moun nan pèp la al rete lavil Jerizalèm ak nan vwazinaj lavil la. Mizisyen yo, gad yo ak travayè tanp yo al rete nan lavil ki pa twò lwen kapital la. Tout rès pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.
Esdras 3
1Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, moun pèp Izrayèl yo te gen tan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm. 2Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l' yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. 3Atout yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Seyè a, chak maten ak chak aswè. 4Yo fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a. 5Apre sa, yo ofri bèt pou yo boule chak jou a, bèt pou yo boule chak fèt lalin nouvèl yo, ak bèt pou tout lòt jou y'ap fè fèt pou Seyè a, ansanm ak tout lòt ofrann moun yo vle fè pou Seyè a san se pa li ki mande yo fè l'. 6Pèp la pa t' ankò mete men nan tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Seyè a. 7Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo. 8Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a. 9Se konsa Jozye, pitit gason l' yo ak lòt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyèl ak pitit gason l' yo, moun fanmi Jida, mete tèt yo ansanm, yo pran reskonsablite travay ki t'ap fèt nan tanp Bondye a. 10Lè bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon tanp Seyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Seyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan. 11Yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo t'ap di l' mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Seyè a bon! Li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyè a. 12Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon tanp lan t'ap moute ankò devan je yo, genyen ki t'ap kriye ak dlo nan je. Men, anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan. 13Men, pesonn pa t' ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.
Esdras 4
1Lènmi moun Jida yo ak lènmi moun Benjamen yo vin konnen moun ki te tounen soti nan kote yo te depòte yo a t'ap rebati yon kay pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 2Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li. 3Zowobabèl, Jozye ak tout lòt chèf fanmi yo reponn yo: -Non mèsi! Nou pa bezwen konkou pesonn pou nou bati yon tanp pou Seyè a, Bondye nou an. N'a bati l' nou menm, pou kont nou ak men nou, jan Siris, wa peyi Pès la, te ban nou lòd fè a. 4Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a soti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an. 5Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anba chal pou anpeche travay la mache. Se konsa, pandan tout tan wa Siris t'ap gouvènen an jouk sou rèy wa Dariyis, yo antrave travay moun yo san rete. 6Konsa tou, lè wa Zèsès te fenk pran pouvwa a, yo ekri yon lèt akizasyon voye bay wa a kont moun k'ap viv nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. 7Sou rèy wa Atagzèsès, Bislam, Mitridat ak Tabeyèl mete tèt yo ansanm avèk kèk lòt kòlèg yo, yo ekri yon lèt plent voye bay Atagzesès, wa peyi Pès la, kont moun Jerizalèm yo. Lèt la te ekri nan lang arameyen, e se pou yo te tradwi l' lè yo t'ap li l'. 8(Dokiman arameyen an konmanse isit la). Se konsa Reyoum, gouvènè a, ak Chimchayi, ki te sekretè pwovens la, ekri yon lèt bay wa Atagzèsès sou keksyon lavil Jerizalèm lan. Men ki jan lèt te pati: 9Se mwen menm, Reyoum, gouvènè a ak Chimchayi, sekretè pwovens la, ki ekri lèt sa a ansanm ak tout lòt kòlèg nou yo anplwaye gouvenman an, moun lavil Den, moun lavil Afasatak, moun lavil Tapèl, moun lavil Afaras, moun lavil Erèk, moun lavil Babilòn, moun lavil Souz, moun lavil Deya ak moun peyi Elam, 10avèk chèf tout lòt pèp k'ap viv koulye a nan lavil peyi Samari yo ak nan rès pwovens ki bò solèy kouche larivyè Lefrat la. Se gran wa Asnapa, wa ki te fè tout moun respekte l' la, ki te depòte yo al fè yo viv kote yo ye koulye a. 11Men kopi lèt yo te voye bay wa a. -Pou wa Atagzèsès. Se nou menm sèvitè ou yo, moun pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, k'ap voye di ou bonjou. 12Nou vle fè wa a konnen jwif yo soti nan tout teritwa ki sou lòd li yo, yo vini lavil Jerizalèm, epi y'ap rebati lavil sa a ki pa janm vle soumèt devan li epi ki toujou ap fè bagay ki mal. Y'ap travay pou rebati gwo miray ranpa lavil la, yo gen tan fini ak fondasyon an. 13Nou vle fè wa a konnen, si moun sa yo rebati lavil la, si yo remoute miray ranpa a ankò, yo p'ap peye okenn taks, yo p'ap fè okenn kontribisyon, ni yo p'ap bay lajan yo fè moun peye pou pase lakay yo. Lè sa a se kès wa a menm ki pral fè defisi. 14Men, paske nou respekte kontra nou gen avè ou la, monwa, nou pa ka rete konsa ap gade moun yo ap kraze enterè wa a. Se poutèt sa nou voye fè wa a konn sa, 15pou l' ka fè rechèch nan achiv zansèt li yo te kite. Nan ansyen dokiman sa yo, l'a jwenn sa yo te ekri sou lavil sa a. L'a konnen jan lavil sa a pa te janm vle soumèt devan yo, li te toujou pare pou revòlte. Se poutèt sa yo te detwi lavil sa a nèt. 16Nou fè wa a konnen si yo rebati lavil sa a, si yo refè miray ranpa li yo, talè konsa wa a p'ap gen yon teritwa pou li ankò nan pwovens bò solèy kouche larivyè Lefrat la. 17Men repons wa a voye ba yo: -Nou voye gwo bonjou pou Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak tout lòt kòlèg yo k'ap viv nan peyi Samari ak nan rès pwovens lòt bò larivyè Lefrat. 18Lèt nou te voye ban mwen an rive jwenn mwen. Yo tradwi l' mo pa mo pou mwen. 19Mwen pase lòd pou yo fè rechèch nan achiv yo, epi yo jwenn lavil sa a, depi tout tan, te toujou derefize soumèt devan otorite wa yo. Se tout tan gen moun la k'ap revòlte, k'ap pran lèzam kont wa yo. 20Te gen gwo wa ki te konn gouvènen lavil Jerizalèm. Yon lè, yo te donminen sou tout teritwa ki lòt bò larivyè Lefrat la. Yo te konn fè moun peye yo taks, lajan kontribisyon ak lajan pou pèmèt yo pase sou chemen lakay yo. 21Se poutèt sa, nou mèt bay lòd pou yo rete travay mesye yo ap fè a: Pesonn p'ap gen dwa rebati lavil sa a toutotan mwen pa bay lòd pou sa. 22Piga nou pote neglijans nan zafè sa a, pou kès wa a pa fè plis defisi pase sa. 23Fini yo fini li lèt wa Atagzèsès la bay Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak lòt kòlèg yo nan gouvènman an, mesye yo leve, yo kouri lavil Jerizalèm al jwenn jwif yo, avèk zam nan men yo, yo fòse yo sispann travay la. 24Se konsa yo te rete travay tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lanne rèy Dariyis, wa peyi Pès la.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
