Jou 110 sou 365
2 Wa 6–8
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
2 Wa 6
1Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: —Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou. 2Kite n' ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv. Elize reponn: —Ale non! 3Yonn nan pwofèt yo mande l': —Tanpri, mèt, ann al avè nou non! Li di: —Dakò. 4Li pati ak yo. Lè yo rive bò larivyè Jouden an, yo tanmen koupe bwa. 5Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la soti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele: —Mèt, mèt! Sa m' pral fè la a? Se prete yo te prete m' rach la wi! 6Elize mande l': —Kote rach la tonbe la a? Li moutre l' kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l' nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a. 7Elize di l': —Wete l' nan dlo a. Pwofèt la lonje men l', li pran rach la. 8Wa peyi Siri a t'ap fè lagè ak peyi Izrayèl la. Li reyini chèf li yo, li di yo ki kote li pral moute kan lame a. 9Men, Elize voye avèti wa peyi Izrayèl la pou l' pa pwoche bò tèl kote, paske lame peyi Siri a desann la ap tann li. 10Se konsa wa peyi Izrayèl la voye yon mesaje al avèti moun ki nan zòn Elize te di l' la pou yo rete sou prigad yo. Sa rive plizyè fwa. 11Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: —Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la? 12Yonn nan chèf yo reponn: —Pesonn, monwa. Men se Elize, pwofèt ki nan peyi Izrayèl la, k'ap fè wa peyi Izrayèl la konnen tou sa ou di, ata sa ou di anndan chanm ou. 13Wa peyi Siri a di: —Chache konnen kote Elize sa a ye pou m' voye pran l': Yo vin di li Elize te lavil Dotan. 14Li voye yon gwo lame ak anpil chwal ak cha lagè dèyè l'. Yo rive Dotan solèy kouche, yo sènen lavil la. 15Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: —Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a? 16Elize reponn li: —Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo. 17Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: —Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize. 18Lè sòlda peyi Siri yo atake, Elize lapriyè ankò, li di: —Seyè, fè sòlda sa yo pa wè nan je yo! Seyè a fè sòlda peyi Siri yo pa wè nan je yo, jan Elize te mande l' la. 19Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo: —Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye. Li mennen yo lavil Samari. 20Rive yo rive la, Elize lapriyè ankò, li di: —Seyè, louvri je yo pou yo wè! Seyè a louvri je yo. Yo wè yo te nan mitan lavil Samari. 21Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize: —Touye yo, papa mwen? Touye yo? 22Elize reponn li: —Non. Pa touye yo. Ou janm touye moun ou fè prizonye lè w'ap goumen ak nepe epi ak banza? Ba yo manje, ba yo bwè, Lèfini, kite yo tounen al jwenn mèt yo! 23Se konsa, wa a fè yon gwo resepsyon pou yo. Yo manje, yo bwè. Lèfini, wa a voye yo ale jwenn mèt yo. Depi lè sa a, sòlda peyi Siri yo sispann anvayi peyi Izrayèl la. 24Kèk tan apre sa, Bennadad, wa peyi Siri a, sanble tout lame li, li moute vin atake peyi Izrayèl. Li sènen lavil Samari. 25Se konsa, yon sèl grangou t'ap bat moun nan lavil la. Lènmi pa t' bay ankenn chans pou moun antre soti. Lè sa a yon tèt bourik te koute katreven pyès ajan, yon demi liv kaka pijon te koute senk pyès ajan. 26Yon jou, wa peyi Izrayèl la t'ap pase sou miray lavil la, yon madanm pran rele: —Monwa, monwa, fè kichòy pou mwen non! 27Wa a reponn: —Si Seyè a pa ka fè anyen pou ou, kisa mwen menm, mwen ka fè pou ou. Kisa ou vle m' ba ou: farin osinon diven? 28Sa ou genyen? Madanm lan reponn: —Lòt jou, madanm sa ou wè la a vin di m' pou mwen bay pitit pa m' lan pou nou manje jou sa a, nan denmen n'a manje pitit pa l' la. 29Se konsa nou kwit pitit pa m' lan, nou manje l'. Nan denmen, mwen di l' pou li bay pitit pa l' la pou nou manje, men li sere l'. 30Lè wa a tande sa madanm lan di l' la, li chire rad sou li sitèlman li te fache. Moun ki te toupre miray la te ka wè wa a te gen yon rad sak anba rad li. 31Wa a pale byen fò, li di: —Se pou Bondye ban m' pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a! 32Wa a voye yon mesaje al chache Elize. Lè sa a, Elize te chita lakay li ak kèk chèf fanmi ki t'ap vizite l'. Men, anvan mesaje wa a gen tan rive, Elize di chèf fanmi yo: —Gade, Ansasen an voye yon moun pou touye m'. Men sa n'ap fè. Lè mesaje wa a va rive, fèmen pòt la sou li. Pa kite l' antre. Wa a pye pou pye dèyè l'. 33Elize pankò fèmen bouch li, lè wa a rive devan l'. Wa a di l' konsa: —Se Seyè a ki voye malè sa a sou nou! Sa m' bezwen rete ap tann li fè kichòy pou nou ankò?
2 Wa 7
1Elize reponn li: —Koute sa Seyè a voye di ou: Denmen, vè lè sa a, nan pòtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lòj pou yon grenn pyès ajan. 2Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': —Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: —Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'! 3Bò pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa: —Poukisa pou n' rete isit la ap tann lanmò? 4Si nou di n'ap antre lavil la, avèk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n' al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fè pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou. 5Se konsa, solèy te fèk kouche lè mesye yo leve, yo pati pou kan lame Siri a. Lè yo rive toupre kan an, yo pa wè pesonn. 6Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo. 7Se konsa, solèy te fèk kouche jou sa a lè yo leve yo kouri met deyò. Yo kite tant yo, chwal yo, bourik yo. Yo chape kò yo kite kan an jan l' te ye a. 8Lè kat mesye yo rive nan kan an, yo antre nan yon premye tant, yo manje, yo bwè. Yo pase men yo pran lò, ajan, rad yo jwenn, yo soti al sere yo. Lèfini, yo tounen, yo antre nan yon dezyèm tant, yo fè menm bagay la. 9Men lè sa a, yonn di lòt konsa: —Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bon nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l' pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n' al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n' ale koulye a. Ann al bay nouvèl la kay wa a! 10Se konsa, yo tounen lavil Samari, yo rele gad ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la. Yo ba yo nouvèl la, yo di yo: —Nou t al nan kan moun Siri yo. Nou pa jwenn pesonn, nou pa tande pesonn ap pale. Chwal ak bourik sèlman nou jwenn mare nan kòd. Ata tant yo te la jan yo te moute yo. 11Faksyonnè ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la bay nouvèl la byen fò. Konsa, nouvèl la gaye jouk li rive anndan palè a. 12Se te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chèf li yo: —Mwen pral esplike nou sa sòlda peyi Siri yo gen dèyè tèt yo kifè yo fè sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo soti kite kan an, y' al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral soti kite lavil la pou n' al dèyè manje. Lè sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la. 13Men, yonn nan chèf li yo di l' konsa: —Poukisa nou pa voye kèk moun ak senk chwal ki rete yo pou y' al wè sa ki pase. Kit yo tounen vivan, kit yo mouri, yo p'ap pi mal ni pi byen pase rès moun Izrayèl yo ki rete isit la. Wè pa wè, y' ap pase tankou sa ki mouri deja yo. 14Se konsa yo chwazi kèk moun, wa a voye yo ak de cha lagè pou y' al wè sa ki rive nan kan lame peyi Siri a. 15Mesye yo pati, yo rive jouk bò larivyè Jouden an. Sou tout wout la, yo wè rad ak yon bann lòt bagay sòlda peyi Siri yo te jete lè yo t'ap kouri met deyò a. Yo tounen, yo fè rapò yo bay wa a. 16Menm lè a, pèp la kouri soti al piye kan lame peyi Siri yo. Jan Seyè a te di l' la, yo vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan, ven liv lòj pou menm pri a. 17Men, wa a te mete chèf gadkò li a ap veye pòtay lavil la. Se konsa pèp la pilonnen l' anba pye yo lè y'ap pase nan pòtay lavil la. Li mouri jan Elize te di l' sa lè wa a te vin wè l' la. 18Lè sa a, Elize t'ap pale ak wa a li te di l' konsa: Denmen lè konsa, nan pòtay lavil Samari y'ap vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan ak ven liv lòj pou menm pri a. 19Se konsa chèf gadkò a te di Seyè a te mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa Elize di a pa ka fèt. Elize menm te reponn li, li te di l': Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'. 20Se sa menm ki rive l'. Li mouri pilonnen anba pye pèp la lè y'ap pase nan pòtay lavil la.
2 Wa 8
1Elize te pale ak madanm ki te manman ti gason li te fè tounen vivan sot nan lanmò a, li te di l' pou li pati ansanm ak tout fanmi l' al viv nan yon lòt peyi paske Seyè a te fè konnen talè konsa yon gwo grangou tapral tonbe sou tout peyi a pou sètan. 2Fanm lan leve, li fè sa pwofèt la te ba li konsèy fè a. Li pati ansanm ak tout fanmi l' al rete nan peyi Filisti a pandan sètan. 3Lè sètan yo fin pase, li tounen nan peyi Izrayèl, l' al jwenn wa a, li mande l' pou yo renmèt li kay li ak jaden li. 4Li jwenn wa a t'ap pale ak Gerazi, domestik pwofèt Bondye a, paske wa a te mande l' pou l' te vin rakonte l' tout bèl bagay Elize te fè yo. 5Gerazi t'ap rakonte wa a kijan Elize te fè pitit gason yon fanm leve soti vivan nan lanmò lè madanm lan vin pale ak wa a pou kay li ak jaden l' yo. Gerazi di wa a: —Monwa, men madanm lan ansanm ak pitit gason Elize te fè leve soti vivan nan lanmò a. 6Wa a mande madanm lan pou li rakonte l' jan sa te pase. Lè madanm lan fini, wa a bay yonn nan chèf li yo lòd renmèt madanm lan tou sa ki te pou li ansanm ak tou sa jaden yo te rapòte depi jou li te kite peyi a rive jouk jou li tounen an. 7Apre sa, Elize ale lavil Damas. Bennadad, wa peyi Siri a, te malad. y' al di wa a pwofèt la te nan lavil la. 8Wa a rele Azayèl, yonn nan chèf li yo, li di l' konsa: —Pote yon bagay fè pwofèt Bondye a kado. Lèfini, mande l' pou l' pale ak Seyè a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a. 9Se konsa Azayèl al wè Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lè li rive devan Elize, li di l' konsa: —Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m' vin mande ou si l'ap leve anba maladi l' la. 10Elize reponn: —Seyè a fè m' konnen l'ap mouri, men ou menm, al di l' l'ap refè. 11Lè li fin di sa, Elize pran gade Azayèl nan je. Lè Azayèl wè sa, sa jennen l' anpil. Elize rete konsa, dlo pran kouri nan je l'. 12Azayèl mande l': —Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: —Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo. 13Azayèl mande l': —Kisa m' ye menm pou m' ta rive fè tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: —Seyè a fè m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri. 14Azayèl kite Elize, li tounen al jwenn mèt li ki mande l': —Sa Elize di ou? Li reponn: —Li di m' li sèten w'ap refè. 15Men nan denmen, Azayèl pran yon dra, li plonje l' nan dlo, li mete l' sou figi wa a. Wa a toufe, li mouri. Azayèl moute wa sou fotèy Siri a nan plas Bennadad. 16Wa Joram, pitit gason Akab la, t'ap mache sou senkan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Joram, pitit gason Jozafa ki te wa peyi Jida a, moute wa nan plas papa l'. 17Li te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan witan. 18Li te marye ak yon pitit fi Akab. Tankou lòt moun fanmi Akab yo, li mache pye pou pye dèyè wa peyi Izrayèl yo. Li fè sa ki mal nan je Seyè a. 19Men, Seyè a pa t' vle detwi peyi Jida a, paske li te pwomèt David, sèvitè l' la, t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a. 20Sou reny wa Joram, moun peyi Edon yo pran lezam kont moun peyi Jida yo. Yo pran libète granmoun yo. Yo nonmen yon wa pou gouvènen yo. 21Se konsa Joram soti ak tout cha lagè li yo, li mache sou lavil Zayi. Lame moun Edon yo sènen l'. Pandan lannwit, li menm ak chèf cha lagè li yo, yo leve yo atake moun Edon yo ki te sènen yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape. Tout sòlda yo gaye al lakay yo. 22Se depi lè sa a, peyi Edon an soti anba lòd peyi Jida, yo granmoun lakay yo. Se menm lè a tou moun lavil Libna yo pran libète granmoun yo tou. 23N'a jwenn rès istwa Joram ak tou sa li te fè ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 24Lè Joram mouri, yo antere l' nan kavo zansèt li yo nan lavil David la. Apre sa, se Okozyas, pitit li a, ki moute wa nan plas li. 25Wa Joram, pitit Akab la, t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Okozyas, pitit Joram, moute wa sou fotèy peyi Jida a. 26Li te gen venndezan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ennan. Manman l' te rele Atali. Se te pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri, tou de wa peyi Izrayèl. 27Okozyas mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo. Li te marye nan fanmi wa Akab. Li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou yo. 28Wa Okozyas mete tèt ansanm ak wa Joram, pitit Akab, pou y' al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt bò lavil Ramòt nan peyi Galarad. Sòlda peyi Siri yo blese Joram nan batay la. 29Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba kou sòlda peyi Siri yo te ba li lavi Ramòt lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Okozyas, pitit Joram, wa peyi Jida a, desann lavil Jizreyèl al wè wa Joram, pitit Akab la, paske Joram te malad.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
