Jou 101 sou 365
1 Wa 6–7
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
1 Wa 6
1Lè sa a te gen katsankatreven (0480) lanne depi pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip, Salomon te gen katran depi li t'ap gouvènen pèp Izrayèl la. Nan mwa Ziv la, ki dezyèm mwa nan kalandriye jwif yo, Salomon mete men nan bati kay Seyè a. 2Kay wa Salomon bati pou Seyè a te gen katrevendis pye longè, trant pye lajè ak karantsenk pye wotè. 3Premye pyès devan an te gen kenz pye longè, trant pye lajè. Li te menm lajè ak kay la. 4Miray tanp lan te gen fennèt ak griyaj bare yo. 5Kole kole ak miray yo, sou de sou kote yo ak sou dèyè Tanp lan ak pyès dèyè a, li fè bati twa ran pyès, yonn sou lòt. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè. 6Chak pyès nan dènye etaj anba a te gen sèt pye edmi lajè. Pyès nan etaj mitan an te gen nèf pye lajè ak pyès nan etaj anwo nèt la te gen dis pye edmi. Miray tanp lan menm te pi laj anba pase anwo. Konsa, gwo travès plafon yo te chita sou miray yo san yo pa t' bezwen fouye twou ladan yo. 7Wòch yo te sèvi pou bati Tanp lan te pare depi nan min wòch kote yo te jwenn yo a. Konsa, pandan yo t'ap bati Tanp lan pa t' gen ankenn bri mato, bri sizo, ni bri ankenn zouti fè. 8Pòt pou antre nan premye chanm anba yo te bay sou bò sid Tanp lan. Te gen eskalye pou moute nan premye ak nan dezyèm etaj yo. 9Lè Salomon fin bati Tanp lan, li mete yon plafon fèt ak travès ak planch sèd. 10Li bati pyès chanm yo tout arebò tanp lan. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè. Yo te kole kole ak miray kay la. Yo te mare sou miray la ak travès sèd. 11Seyè a pale ak Salomon, li di l' konsa: 12-Lè w'a fin bati tanp lan, si ou mache dapre lòd mwen, si ou fè sa m' di ou fè, si ou kenbe tout kòmandman mwen yo, m'a fè pou ou tou sa mwen te pwomèt David, papa ou. 13M'ap rete nan mitan peyi Izrayèl la, mwen p'ap janm lage yo. 14Se konsa Salomon fin bati Tanp lan. 15Tout miray yo te plake sou anndan ak planch sèd depi planche a rive nan plafon an. Planche a te fèt ak bwa pichpen. 16Li bati sou dèyè tanp lan yon gwo pyès li rele Pyès ki apa nèt pou Seyè a. Pyès la te gen trant pye longè. Panno pyès la fèt ak planch sèd ki soti depi atè rive nan plafon an. 17Pati tanp lan ki te devan pyès ki apa nèt pou Seyè a te gen swasant pye longè. 18Sou anndan, tout miray tanp lan te kouvri ak planch sèd, ou pa t' ka wè yon wòch. Planch sèd yo te travay ak desen flè ak ti kalbas sou tout kò yo. 19Anndan Tanp lan, sou dèyè, li bati yon pyès apa pou Seyè a. Se la yo te mete Bwat Kontra Seyè a. 20Pyès la te gen trant pye longè, trant pye lajè ak trant pye wotè. Li te kouvri nèt ak lò. Sou devan pyès la yo bati yon lotèl ak bwa sèd, lèfini yo te kouvri li nèt ak lò. 21Tout miray anndan tanp lan te kouvri ak lò. Pyès apa nèt pou Seyè a te kouvri ak lò tou. Yo fè chenn lò pou fèmen pòt pyès ki apa pou Seyè a. 22Konsa, tout anndan Tanp lan nèt ansanm ak lotèl ki te devan pyès ki apa pou Seyè a te kouvri nèt ak lò. 23Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè. 24Chak zèl te mezire sèt pye edmi longè. Konsa, depi pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la te gen kenz pye. 25Tou de estati yo te gen menm fòm, menm gwosè. 26Tou de te menm wotè, yo te gen kenz pye wotè. 27Salomon fè mete de estati yo anndan pyès ki apa pou Seyè a, kòtakòt, ak zèl yo louvri pou pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo. 28De estati ak zèl yo te kouvri nèt ak lò. 29Sou tout miray anndan tanp lan te gen pòtre zanj cheriben, pòtre pye palmis ak pòtre flè yo te travay nan bwa a. 30Menm planche a te kouvri ak lò anndan kou deyò. 31Salomon fè mete yon pòt de batan fèt ak bwa oliv pou fèmen pyès apa pou Seyè a. Lento pòt la ak de montan yo te pran yon senkyèm nan ouvèti pòt la. 32Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay nan bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò. 33Pòt pyès mitan Tanp lan te gen yon ankadreman fèt ak bwa oliv ki te pran yon ka nan ouvèti pòt la. 34Pòt la menm te fèt an pichpen. Li te gen kat batan, de batan chak bò ki ka fèmen yonn sou lòt. 35Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay sou bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò. 36Li fè bati yon lakou fèmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fèt ak yon ranje madriye sèd pou chak twa ranje wòch yonn sou lòt. 37Se nan katriyèm lanne rèy Salomon, nan mwa Ziv la, yo te mete men nan fondasyon kay Seyè a. 38Tanp lan te fin bati ak tout ti detay li yo, jan yo te fè plan an, nan onzyèm lanne rèy Salomon nan wityèm mwa kalandriye jwif yo, ki rele Boul. Salomon te pran sètan pou l' bati Tanp lan.
1 Wa 7
1Salomon te bati yon palè pou li menm tou. Li pran trèzan pou l' fini l'. 2Li bati yon kay yo rele Rakbwa peyi Liban an. Li te gen sansenkant (0150) pye longè, swasannkenz pye lajè ak karannsenk pye wotè. Li te gen kat ranje gwo poto bwa sèd. Chak ranje te gen kenz poto ak gwo travès sèd chita sou tèt poto yo. 3Plafon an te fèt an planch sèd. Li te kloure sou karannsenk travès ki te chita sou tèt poto yo. 4Nan de miray sou kote yo, te gen twa ranje fennèt. Fennèt yo te bay yonn sou lòt. 5Pòt yo ak fennèt yo te kare kare. Te gen twa ranje fennèt sou chak bò, yonn an fas lòt. 6Li bati yon lòt gwo pyès yo rele Chanm Poto yo. Li te gen swasannkenz pye longè, karannsenk pye lajè. Te gen yon lòt ti pyès sou devan l' avèk gwo poto ak dòmant. 7Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fotèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an. 8Kay kote Salomon te rete a te nan yon lòt lakou dèyè Salon Jijman an. Li te bati tankou lòt kay yo. Salomon bati yon lòt kay menm jan an tou pou madanm li, pitit fi wa peyi Lejip la. 9Tout kay sa yo te bati ak bèl wòch taye, depi nan fondasyon yo jouk anba twati yo. Wòch yo te pare depi nan min wòch la. Yo te taye sou mezi. Fasad anndan ak fasad deyò wòch yo te taye ak si. 10Fondasyon yo te fèt ak gwo wòch yo te taye nan min wòch la. Genyen ladan yo ki te gen douz pye longè. 11Anwo fondasyon an te gen menm kalite wòch taye sou mezi ak madriye sèd. 12Gwo lakou palè a te fèmen ak yon miray fèt ak twa ranje wòch pou chak ranje madriye sèd, tankou lakou anndan ak lakou devan Tanp lan. 13Wa Salomon voye chache yon bòs ki te rele Iram tou. Se te yon moun lavil Tir. 14Papa Iram te moun lavil Tir tou. Se te yon bòs fò nan travay kwiv. Manman li te moun nan branch fanmi Neftali a. Se te yon vèv. Iram te yon moun ki te gen anpil ladrès, anpil konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bagay an kwiv. Se konsa li te vin kay wa a, li fè tout travay li yo. 15Iram koule de gwo poto kwiv won yo. Yo chak te gen vennsèt pye wotè. Wonn poto yo te mezire dizwit pye. Li mete yo kanpe devan Tanp lan. 16Apre sa, li fè fè blòk kwiv tou pou ale sou tèt poto yo. Yo chak te mezire sèt pye edmi wotè. 17Li dekore wonn tèt poto yo ak desen ti chenn makònen yonn ak lòt. Te gen sèt desen konsa pou chak tèt poto. 18Li mete de ranje grenad an kwiv anwo ak anba desen ti chenn lan sou tout wonn chak tèt poto yo. 19Tèt poto ki nan gwo lakou devan an te gen fòm yon flè choublak. Yo chak te gen sis pye wotè. 20Sou rebò anwo chak tèt poto yo, te gen yon vant resoti ki te anwo desen ti chenn yo, ak desan pòtre grenad sou de ranje ki te fè wonn chak poto yo. 21Iram mete poto yo kanpe devan pòt antre Tanp lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Li rele sa ki sou bò dwat la Jaken, sa ki sou bò gòch la Boaz. 22Sou tèt chak poto te gen yon blòk an fòm yon flè. Se konsa Iram fini ak travay poto yo. 23Apre sa, Iram fè yon gwo basen an kwiv tou won. Li te mezire kenz pye lajè anndan anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye. 24Sou tout wonn basen lan, sou deyò, te gen de ranje ti kalbas an kwiv, ti kras anba rebò a. Te gen dis kalbas pou chak pye edmi longè. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan, yo te koule yo ansanm lè yo t'ap fè basen lan. 25Basen lan te chita sou do douz towo bèf an kwiv. Fas towo yo tout bay sou deyò: fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche, ak fas twa bay sou bò sid. Dèyè yo te anba basen lan. 26Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas, li fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè. Basen lan te ka kenbe dimil galon konsa. 27Iram te fè tou dis kabwa an kwiv. Yo chak te gen sis pye longè, sis pye lajè ak kat pye edmi wotè. 28Yo te fèt an ti panno kare kare ki te moute nan yon ankadreman. 29Sou chak ti panno yo, te gen pòtre lyon, pòtre towo ak pòtre zanj cheriben. Sou rebò yo, anwo ak anba lyon yo ak towo yo, te gen yon ranje flè resoti. 30Chak kabwa te gen kat wou an kwiv ak lesye an kwiv tou. Nan kat kwen yo te gen yon zepòlman, antou kat pou kenbe basen lan anplas. Zepòlman yo te dekore ak yon ranje flè chak bò. 31Anwo chak kabwa te gen yon ankadreman tou won pou basen yo. Ankadreman an te gen dizwit pous lajè anndan anndan. Li te gen desen sou tout kò l'. Pati anwo kabwa a te kare, li pa t' won. 32Wou yo te gen vennsenk pous wotè. Yo te anba panno yo. Lesye wou yo te fè yon sèl pyès ak rès kabwa a. 33Wou yo te tankou wou cha lagè. Pen yo, jant yo, reyon yo, lesye yo, tout te fèt an kwiv. 34Kat zepòlman ki te nan kwen anba chak kabwa yo te fè yon sèl pyès ak chasi kabwa a. 35Pati plat anwo kabwa a te dekore ak yon wonn nèf pous wotè ki te fè rebò ouvèti a. Zepòlman ki te nan kwen anwo yo ak panno yo te fè yon sèl pyès ak kabwa a. 36Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan. 37Se konsa Iram te fè dis kabwa yo. Yo tout te fèt menm jan, menm fòm, menm gwosè. 38Iram te fè dis basen tou, yonn pou chak kabwa. Chak basen te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa. 39Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basen kwiv la menm, li mete l' sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la. 40Iram te fè plato pou sann, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l' fè pou Tanp Seyè a. 41Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo, 42katsan pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ti chenn ki fè wonn tèt poto yo, 43dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo, 44yon gwo basen tou won pou dlo, douz towo bèf pou soutni gwo basen lan, 45plato pou sann yo, pèl yo ak kivèt yo. Tou sa Iram te fè pou Tanp Seyè a te fèt an kwiv poli, dapre lòd li te resevwa nan men Salomon. 46Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon larivyè Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan. 47Te sitèlman gen anpil bagay fèt an kwiv, Salomon pa t' chache konnen pèz yo. 48Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a, 49dis lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo, 50gode yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Seyè a, ak gon pou lòt pòt tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò. 51Lè wa Salomon te fin fè tout travay pou bati Tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan ak tout lò David, papa l', te ofri bay Seyè a ansanm ak tout lòt bagay li menm li te bay, li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
