Kouplè 1
Bondye voye pitit li l rele Jezi Ki te vini pou padone Li rachte nou Epi li fè nou lib Kounye a la a, li ak papa l L ape tann nou.
Kè
Mwen konnen l vivan M ap konte sou demen Paske l vivan, Enkyetid mwen ale Paske m konnen, O, m konnen Li se tout lavi mwen M ap konte jou pou l vin n chèche m Paske l vivan.
Kouplè 2
Mwen aksepte tout sa ki rive mwen Paske sovè m ap defann mwen Jouden an mèt devan m Kè mwen p ap boulvèse Paske Jezi m nan pa mouri E li vivan.
Kouplè 3
Tout espwa mwen se sou li sèlman Paske l di mwen l ap vinn chèche m Eprèv nan lavi sa a P ap fè m doute ditou Bondye m nan gran e li vivan M ape tann li.
