Kouplè 1
Mwen se temwen Jezikri M ap obeyi li Lemonn pa ka bay lavi Se sèl Jezikri. Mwen vle konsakre lavi m Pou m fè sèvis li Tout byen m gen sou latè Se pou travay li.
Kè
O! Wi pou w temwen Fò w konnen Jezi, Ki mouri pou nou; Lòm pa kapab jwenn Bondye San l pa jwenn Jezi Alelouya! m te pèdi Men m twouve lavi.
Kouplè 2
Abraham papa lafwa Bib la di nou sa, Anvan Abraham te la Jezikri te la; Jezikri pa t janm pa la E l ap toujou la Pouw gen lavi etènèl Fòw nan Jezikri.
Kouplè 3
Lè m kwè m te prè Jehova Poutan m te byen lwen, Mwen t ap chèche verite Tout kote m pase; Tout pouvwa pou Jezikri Ki fè m wè erè m Se li ki laverite Pou letènite.
Kouplè 4
Senyè Bondye twa fwa se Ki gen tout pouvwa Ou ki voye Jezikri Vin mouri pou nou Nou ba ou remèsiman Pou bon sovè sa Ki te bay lavi l pou nou: Jezi Wa tout wa.
