Chant 58

Wa Nebikanetza fè yo leve yon estati

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Wa Nebikanetza fè yo leve yon estati; Li di Yon moun ki pa vle adore estati sa a Se pou yo mare pye l pou yo lage yo nan fou a Te gen twa jenn gason ki te refize obeyi.

Kè

Yo te genyen konfyans (3 fwa) Nan Bondye yo t ap sèvi a Telman yo te fidèl Pa menm cheve yo pa t boule

Kouplè 2

Twa jenn sa yo se te Chadrak, Mechak, Abednego, Twa jenn sa yo te devwe pou yo sèvi Letènèl; Tèlman yo te fidèl, yo pat vle sèvi Satan. Wa a te fè mare yo e lage yo nan dife a.

Kouplè 3

Lè Wa sonje twa jenn sa yo ki te nan dife a Li voye al gade, men yo vin di l yo wè ka moun Katriyèm nan se te zanj Bondye ki te pami yo, Yo t ap mache nan fou a, Yo t ap louwe non Bondye.

Retour aux chants