Chant 56

Koute vwa Jezi ki nan dezè a

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Koute vwa Jezi ki nan dezè a L ap chèche mouton ki pèdi yo Mouton ki egare lwen patiraj la L ap fè yo rantre nan pak la

Kè

Vini, vini, mouton ki pèdi yo Vini, vin jwenn mwen Bèje w ap chèche w Men vwa m nan dezè a ape rele ou, E de bra m louvri pou m resevwa ou Vin jwenn mwen

Kouplè 2

Sonje te gen 100 mouton nan pak la Genyen youn ki te egare Byen lwen nan mòn nan, nan vale a Li te twouse pye l, l al chèche l.

Kouplè 3

Li te kite katrevendiznèf yo Pou l ale chèche yon sèl la. E lè l te jwenn li. li te tèlman kontan E sou zepòl li, li pote l.

Kouplè 4

Sonje ti gason ki te pèdi a Li te mande papa l byen pa l E lè l te pati fin depanse yo; Li te oblije retounen.

Kouplè 5

Ou menm si ou vle vini jodi a tou Konsa li va resevwa ou Li te pote lòt la sou zepòl li L a akeyi ou nan bra li.

Retour aux chants