Chant 44

Lè moman an te pi difisil

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Lè moman an te pi difisil, Pitit, madanm tonbe malad, Kouche sou kabann lopital Ak lapenn mwen pa nan travay. Yo ban mwen papye preskripsyon Mezanmi m pa gen atouché Mwen louvri bra mwen bay Jezi Se li menm sèl ki ka sove m

Kè

Mwen p ap lache Jezi yon may, Avèk li mwen pi asire; Mwen p ap kite Jezi sovè m Avèk li m ap genyen viktwa.

Kouplè 2

Gen sa k te di m al kay bòkò, Ak lajan m al rele vye lwa, Ajenouye m nan pye pechè, Pitit, madanm mwen pra l mouri, Mwen fè yon egzamen konsyans, Si yon nonm te ka bay lavi, Nonm sila pa ta janm mouri Tout tichès late ta pou li.

Kouplè 3

Doktè di m pa genyen espwa Tou de moun yo prèt pou mouri Men mwen di: O non de Jezi! Pa gen anyen dwòl k ap pase. Tou de moun yo pa t ka manje Nan demen, yo mande manje Uit jou pase yo ekzeyate Sou pwoteksyon Jezi Sovè m.

Retour aux chants