Chant 16

Yon Jour Nou Te Konvèti

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Yon jou nou te konvèti, Ala yon bèl jou sa; Jezi te padone nou, Li te ban nou lafwa, Nou te di: M ap swiv Jezi pou letènite Eske nou toujou fidèl? Eske nou kretyen vre?

Kè

O, nou pa kapab preche lemon Si nou gen peche Se poutèt sa n ap mande Bondye Pou yon revèy Fidèl yo, misyonè yo, Pastè yo, se vre, N a wè pisans Seyè a Lè nou gen yon revèy

Kouplè 2

Nou gen tan pou nou travay Nou gen tan pou nou jwe; Poukisa li si difisil Pou n jwenn tan pou n priyè Pap nou vle beni nou Bib la di konsa: Mande, chèche, e frape E ou va resevwa.

Kouplè 3

Si ou santi ke ou refwadi, Si w dekouraje, Kounye a se tan favorab Pou ou rechofe, Konfese peche sa a ki fè ou tonbe Jezi va padone ou E ou va gen lajwa.

Kouplè 4

Gen yon peche tankou pwazon Li trè danjere, Li ka touye legliz si nou kite l antre Tripotay, se peche sal Fòk nou fèl sispann Lè nou sispann eskandal Pisans la va desann.

Kouplè 5

Nou batize, nou manm legliz Nou santi nou bon, Men malgre sa nou manke anpil benediksyon Louvri Bib la nan Malachi chapit twa Se pou n peye ladim. Se Bondye ki mande sa.

Kouplè 6

Tout moun bezwen yon revèy; Nou tout bezwen vin sen Paske yon jou Jezi va parèt Ak zanj li yo, Fòk wòb nou pi e san tach, Fòk nou sanktifye; Nou tout rete fidèl, Jouktan jou sa a va rive.

Retour aux chants