Chant 5

Jezi menm nan men w pran swenm Senyè

Réveillons-Nous Chrétiens · Créole

Kouplè 1

Jezi menm nan men w pran swenm Senyè Kòman poum fè si ou pa ede mwen Yo palem mal yo kritike m Senyè Sa pa pwoblèm paske Jezi avèm.

Kè

Pa genyen Konfyans nan zanmi ou frè mwen Nenpòt ki lè yon zanmi ka trayi ou Nan yon sèl moun ou dwe konfyew, Frè mwen Se Jezi sèl ki konn sa ou bezwen.

Kouplè 2

Te gen yon zanmi kite konn tout afèm Zanmi sa a te trayim nan yon segonn Li di lap banm pwazon lap banm kout lè Sa pa pwoblèm paske Jezi avèm.

Kouplè 3

Zanmi lemonn se toutan ou gen byen Lèw gen lajan, lasante, ak bèl kay; Lè lavi a kòmanse maltretew Yo pa gadew tankou yon pil fatra

Kouplè 4

Mwen sonje yon jou siklòn tap vante Lè sa a mwen te fè ladesant kay zanmi Malgre lapli zanmi an metem deyò Depi lè sa a Kris banm kay poum rete.

Retour aux chants