Kouplè 1
Lanmou Bondye, li gran anpil Kon yon sous dlo k ap koule Li soti fon nan kè Jezi E li p ape janm fini.
Kè
Li va louvri bèl pòt syèl la E se sèten m ap antre Paske Jezi vèse san Li Pou sove mwen nan peche.
Kouplè 2
Mwen te kon yon mouton blese Kon yon zwazo ki pran kou Kè m te brize men Li geri m Li plen kè mwen ak lajwa.
Kouplè 3
Lè vwayaj mwen va tèmine Nan syèl la m ava rive Grasa lanmou Jezi si gran Li va di mwen vin antre. (He the Pearly Gates will Open) (Songs you love No.6, No.14)
