Chant 82

Nwit espesyal, bèl zetwal yo ap briye

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Nwit espesyal, bèl zetwal yo ap briye, Se lannwit lè JeziKri te fèt. Lontan lemonn te egare nan peche Jouk Li parèt e nanm mwen te viv ankò.

Kè

Gwo kontantman, tout monn lan ape rejwi Lè gwo limyè a fè yon nouvo jou parèt. Mete jenou atè. O tande sa y ap chante! Nwit espesyal! O nwit! O nwit! lè Kris te fèt Nwit espesyal! O nwit, O nwit! espesyal!

Kouplè 2

Nou swiv limyè sa a avèk tout gwo lajwa, Kè nou rampli ak lanmou pou JeziKri. Adore Senyè a ki fèt pou sove nou, Ann swiv Li menm jan Maj yo te swiv Li. (O Holly Night)

Retour aux chants