Chant 6

Bondye lanmou an renmen

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Bondye lanmou an renmen Tout pechè yo anpil e Li te bay sèl pitit Li pou sove yo. Se sou lakwa Jezi te mouri yon jou E Li te vèse san ni la pou nou.

Kè

O alelouya, O glwa pou Jezi! Paske mwen sove Nan gran gras Bondye. Li te pran peche m, Li ban mwen lavi, Kounye a m sove pou letènite.

Kouplè 2

M te konn mache nan peche Wouj mwen yo san fren, Men limyè Bondye Te rive klere m yon jou Sentespri Li te Fè m wè jan m te pèdi E sa m dwe fè pou kite wout lanfè.

Kouplè 3

Gras Bondye gen pou nou Pa kapab janm fini Li gen kont lanmou Ki pou sove nou menm tou. Vin louvri kè ou pou aksepte Jezi E ou va rejwi nan syèl la ak nou. (Swedish Air)

Retour aux chants