Chant 41

Se sou mòn Gòlgota

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Se sou yon mòn Gòlgota, Yo te plante yon kwa, Kote brigan te gen pou mouri. Men se sou menm kwa sa a, Kris te mouri pou mwen, Pou m kapab pataje tout glwa Li.

Kè

Yo te klouwe Jezi sou lakwa; E se la Li te mouri pou mwen. M ape viv pou glwa Li sou tè sa a, E yon jou m ava wè Li nan syèl.

Kouplè 2

Pou tou sa k te rive, Sou lakwa nan jou sa a, Mwen va toujou gen rekonnesans; Paske sa Jezi fè, Li te fè l nan plas mwen, Pou ban mwen lavi an abondans.

Kouplè 3

Kon yo touye Jezi, Ki te Pitit Bondye, Yo pa vle wè kretyen yo nonplis. Men mwen pito swiv Li, Nan tout sa k a rive, Pase tout sa m ta jwenn sou tè sa a. (The Old Rugged Cross) (Glad Gospel Songs, No.42)

Retour aux chants