Chant 4

Se yon chan jwaye

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Se yon chan jwaye, yon nouvèl mèveye, Nanpwen lòt kon li Nan lemonn antye; Mwen renmen chante l E m a pwoklame l Bondye nou se li Ki ka ba w delivrans.

Kè

Se Bondye ki kapab delivre, Se Li sèl ki toujou delivre, Tout fado peche, sou Li depoze, Paske Bondye nou Kapab bay delivrans.

Kouplè 2

Moun ki vle vini Pa dwe janm mize, Pòt la byen louvri pou l kapab antre; Kris se chemen, laverite, lavi, Bondye nou se li Ki ka ba w delivrans

Kouplè 3

Se yon chan jwaye, Pwoklame l byen lwen, Pou tout aflije anba chay peche, Kapab resevwa padon pa lafwa, Bondye nou se li Ki ka ba w delivrans. (He is able to Deliver thee)

Retour aux chants