Kouplè 1
Pawòl Bondye ban nou limyè Pou klere tout chemen nou; Lè m aksepte li kòm Senyè Limyè a klere tout kè m.
Kè
M ap sere pawòl Ou nan kè m Pou mwen pa fè peche kont Ou, Pou mwen pa peche (2 fwa) M ap sere Pawòl Ou nan kè m.
Kouplè 2
Pawòl Ou, Senyè, se sèten, LI pa gen dwa janm fayi; Fidelite Ou toujou menm, Se sous ki vrèman jayi.
Kouplè 3
Chak maten, midi ak aswè M ap di: Mèsi, chè Senyè; Paske Ou se yon bon Sovè, Nan sèvis Ou m ap sensè.
Kouplè 4
Pawòl Ou ban nou asirans Jezikri va retounen. E nou va chanje aparans; Avèk Jezi n a rete. (Thy World have I had in my heart) (Voice of Thanksgiving, No.54)
