Chant 26

Men yon bèl ti nouvèl

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Men yon bèl ti nouvèl Ki sòt nan syèl Pechè Jezi rele ou, leve je ou. Ou mèt kouvri ak mizè, Peche mèt degize ou Vin jwenn Li!

Kouplè 2

Jezi pitit Bondye Mouri pou nou; Li montre n lanmou Li Sou bwa Kalvè. Vin mèt tout konfyans ou; Nan san ki ka lave Tout kè ki plen peche, Vin jwenn Jezi!

Kouplè 3

Lè Jezi lave ou Avèk san Li Li delivre ou nèt nan men satan, Peche pa gen pisans Nan kè ou kòm avan Lespri sanktifye ou, Vini jwenn Li.

Kouplè 4

Vini kounye a menm, Piga ou rete Li va delivre ou si ou vini Si w kwè nan JeziKri, Peche ou ap efase E n a chante ansanm. Glwa a Jezi. (Chants de Victoire No.107)

Retour aux chants