Chant 17

Wout lavi se kon yon chemen

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Wout lavi se kon yon chemen, Ladan gen anpil danje; Li di anpil, e li fènwa, gen labou, li byen glise. Fòk nou veye nan chak moman, Si nou vle fè chemen sa a, Se pou n jwenn Yon moun kondwi nou. Epi swiv li pazapa.

Kè

O Bon Sovè, vin kondwi mwen! Fè mwen rive jouk lòtbò Kote zanj yo ap chante non ou, E mwen p ap tounen ankò.

Kouplè 2

N ap monte epi n ap desann, gen falèz agoch, adwat, Mòn la rèd, e wout la glise, Li apik epi etwat. Fò n bay gid la kenbe men nou, Si nou vle fè chemen sa a; Se pou n fikse je nou sou Li, Epi swiv Li pazapa.

Kouplè 3

Gen lòt wout ki laj e ki bèl, Men yo pa ka fè n rive Lòtbò mòn nan avèk Jezi, Kote zanj yo ap chante. O Jezi, pa kite m tonbe, Ni bwonche nan chemen sa a! Men kenbe m pi pre ou toujou, M ape swiv ou pazapa. (Life is like a Mountain Railroad) (Tabernacle Hymns No. II - No. 148)

Retour aux chants