Kouplè 1
Ki kote m ta ye san Senyè a? Kote m ta pase letènite m? Pèdi nan lemonn plen ak tristès San Jezi ki kote m ta ye?
Kouplè 2
Kisa m ta fè si m pa t gen Jezi? Kòman m ta viv nan monn san espwa Pèdi nan tristès chaje ak pèn San Jezi, kisa mwen ta fè
Kouplè 3
Mwen te fin pèdi, Jezi jwenn mwen Poutèt sa m ap chante louwanj li Nan lemonn ki pa gen lapè Alelouya! Jezikri jwenn mwen.
