Chant 92

Kris te sanntifye mwen

L'Ombre du Réveil · Créole

Kouplè 1

Mwen renmen chante yon si bèl istwa, Depi Kris te sanntifye mwen, E nanm mwen te jwenn yon kado, lajwa, Depi Kris te sanntifye mwen.

Kè

Mwen p ap janm bliye Jou sa a Jezi sove m, Jezi sove m, Jezi sove m Mwen p ap janm bliye Jou sa a Jezi sove m Lè Jezi te sanntifye mwen.

Kouplè 2

Tout dout ak krent mwen efase Depi Kris te sanntifye mwen Anfen li te konble m ak gras li Lè Jezi te sanntifye mwen.

Kouplè 3

Plezi lemonn vin pa enterese m Lè Jezi te sanntifye m Lespri Bondye vin abite nan mwen Lè Jezi te sanntifye mwen.

Kouplè 4

Mwen pa kapab vin yon tripotay sou frè m yo, Depi Kris te sanntifye mwen, Mwen pa kapab vin yon tripotay sou sè m yo, Depi Kris te sanntifye mwen

Kouplè 5

Kò mwen vini yon tanp pou Sentespri a Depi Kris te sanntifye mwen, Mwen pa ka viv nan peche sal ankò Depi Kris te sanntifye mwen

Retour aux chants