Chant 30

Non li se Jezi nanpwen lòt kon li

L'Ombre du Réveil · Créole

Kouplè 1

Mwen t ap mache nan yon Wout difisil, plen danje Lè touswit mwen fè Rankont ak nonm sa a. Li di mwen: pitit mwen, Vini jwenn mwen, pa mize M obeyi san plenyen e san pè E li kenbe men m.

Kè

Non li se Jezi nanpwen lòt kon li Non li se Jezi, vin adore li. Sa se sijè kontantman kè mwen Mwen wè Sovè a.

Kouplè 2

Chemen mwen te kòmanse Vin fasil, byen fasil Lè mwen vin rekonèt se te nonm sa a Ki yon jou li te bay lavil Sou lakwa pou sove m Kontantman ak lajwa plen kè mwen Mwen wè Sovè a.

Kouplè 3

Ki gran jou sa va ye Lè l a tounen vin chache m! Tout Kriye, doulè, soufrans va fini M a rejwi avèk tou zanj Nan syèl la, pou toutan Malè pou sa ki [a t janm vle kwè. Nan syèl Sovè a.

Retour aux chants