Kouplè 1
Gen yon jou mwen p ap janm bliye Wi yon jou mwen p ap janm bliye Se jou lè m te rankontre ak Sovè a Li te padone peche m Lajwa te ranpli nanm mwen Se yon jou wi yon jou Mwen p ap janm bliye.
Kè
Menm si m ta gen di mil ane Pou m chante louanj pou ou Bondye Mwen realize tout sa pa t ap janm sifi Pou m di tout sa ou ye pou mwen.
Kouplè 2
Gen yon jou mwen p ap janm bliye Wi yon jou mwen p ap janm bliye Se lè Jezikri te mete men sou mwen Tout tristès mwen yo ale, Lavi mwen te vini chanje Se yon jou wi yon jou m p ap janm bliye.
Kouplè 3
Pou tout sa Jezi fè pou mwen Pou tout sa li pase pou mwen Mpa konprann kòman Sovè a fè Renmen mwen konsa Lanmou li genyen pou mwen menm Lapè li mete nan kè mwen Pou tou sa, wi tout sa m pa ka janm bliye
Kouplè 4
Gen yon bagay mwen pa ka konprann Yon bagay mwen pa fin konprann Kòman Sovè a fè renmen mwen konsa Mwen te yon pechè kondane Men kounye a mwen libere Mwen ka di ou kounye a Mwen se yon nonm ere.
