Kouplè 1
Mwen te gen tan pèdi Bondye ban mwen lavi Mwen pa t menm yon voryen Bondye fè m moun debyen Lavi m te tèlman tchak Men Bondye fè mirak Li pouse m repanti Li fè m kado lavi
Kè
Mèsi Bondye pou kado lavi Mèsi Jezi ou ban m Sentespri Mèsi Papa mwen gen Jezikri Mèsi anpil se ou k te chwazi
Kouplè 2
Bondye toujou konnen Sa ki pi bon pou mwen Se sa k fè mwen sèten M ap byen jiska lafen Mwen pa bezwen plenyen Ni tristès ni bezwen Le bagay mangonmen Bondye toujou ak mwen
