Kouplè 1
Men leve devan w Bondy M ap repann nanm mwen pou m ba ou glwa Mwen louvri gòj mwen pou m ba ou glwa Paske se ou k genyen tout pouvwa M ap rete byen fò pou m fè louwanj ou M desann mwen byen ba devan ou Mwen vin pwoklame ki jan ou gran Mwen vle egzalte non w pou toutan Lè m rele nan pye w, ou tande rèl mwen Anba chenn peche ou delivre mwen Ou toujou reponn ak tout bezwen mwen Senyè ou toujou soulaje mwen Se ou ki ban m fòs pou mwen goumen Devan tantasyon k vle fè m trennen Lè chemen mwen nwa, ou toujou ban m men Ou ban mwen lespwa lè tout pòt fèmen Se ou ki ranpa, wòch delivrans mwen Sou tout ti pye bwa lawouze simen Ou gen tout pouvwa, ou beni nanm mwen Jezi ou se wa w ap gouvènen
