Kouplè 1
Lè Jezi rele m, lè Jezi rele m M a reponn Li, ma reponn Li. Lè Li rele m, rele m (3fwa) M a reponn Li.
Kouplè 2
Senyè Jezi mwen vle sèvi ou Senyè Jezi mwen vle sèvi Ou Mwen vle sèvi Ou, sèvi Ou (3fwa) Toutan nan vi mwen.
Kouplè 3
Depi lontan mwen te pèdi Pèsonn pa t wè m bezwen sove Bezwen sove, sove (3fwa) Anba men Satan.
Kouplè 4
Glwa pou Jezi ki te jwenn mwen Nan gran chemen san sekou menm Li te jwenn mwen, jwenn mwen (3fwa) Lè m te san soutyen. Amen.
