Chant 77

Jezi va retounen ankò

HC RL · Créole

Kouplè 1

Tande mesaj mèvèye, Chante kantik tout kote, Koute pawòl Bondye byen, Jezi va tounen ankò.

Kè

Tounen ankò, tounen ankò, Jezi va tounen yon jou, Li va vini pou chèche nou; Tounen ankò, tounen ankò, Ala yon mèvèye jou sa va ye Lè Jezi tounen ankò !

Kouplè 2

Menm pyebwa ak flè chante, Mòn yo ak plenn repete, Tout syèl ak tè a rele, Jezi va tounen ankò.

Kouplè 3

Nou va kanpe devan Li, Tout twoub ak pwoblèm fini, Na pote onè ba Li, Jezi va tounen ankò. (Favorites 5 - No.39)

Retour aux chants