Chant 63

Lè nou wè Kris

HC RL · Créole

Kouplè 1

Chak jou sanble si lou, Eprèv dezole nou Nou tante mimire, Plenyen, dezespere; Men Jezi va parèt Pou wete n nan tanpèt, Dlo nan je nou va seche Pou tout letènite.

Kè

Tout lapenn va fini lè nou wè Jezi Eprèv yo p ap anyen lè nou wè Kris. Lè m a wè figi Li, tristès yo va fini, Ak jwa nou va kouri, jouk nou wè Kris.

Kouplè 2

Lè nou manke limyè Nou mache nan fènwa Detrès lavi bat nou, Fè nou pa wè sekou; Jezi, ki bon Bèje Konnen nou aflije, Li va klere chemen nou, Wete tristès nou tou.

Kouplè 3

Lè lanmò va vini Tout loraj va fini, Nou va kite latè Pou nou jwenn vrè bonè; N a rantre ak lajwa Jwenn Jezi nan laglwa, Bondye va jije malen; N a jete tout chagren.

Retour aux chants