Chant 46

Pi fon, pi fon mwen prale

HC RL · Créole

Kouplè 1

Pi fon, pi fon mwen prale Nan lanmou Jezi Sovè m, M ap chèche konnen pouki Li te tèlman renmen m, Pouki Li lonje men Li Wete m nan gran peche, Li te sove m, Li te geri m Malgre m te byen egare.

Kouplè 2

Pi fon, pi fon mwen prale Nan gwo soufrans Jezikri, Ma p swiv Li nan jaden an Kote l te swe san Li, Li te pran fado doulè, Peche lemonn antye, O chè Senyè, tanpri ede m! Pa kite m dekouraje!

Kouplè 3

Pi fon, pi fon mwen prale Nan volonte Jezikri, M ap priye l, e m ap swiv Li M ap fè Senyè m plezi. Mwen vle bese devan Li, Pwostène nan pye Li, Kris, fè sa w vle, Pran tout kè mwen, Fè m yon bon veso, tanpri! (Favorites 5 - No.72) (Deeper and Deeper | Hymns of the Christian Life, No 158) Copyright 1941. Renewal 1942 by Oswal J. Smith. Assigned to Zondervan Music Publishers. Trans. 1969 by Zondervan Music Publishers. All right reserved. Used by permission.

Retour aux chants