Chant 14

Sèlman Jézu

HC RL · Créole

Kouplè 1

Depi mwen jwenn Jezi mwen jwenn vrè repo, Jezi kache m nan gran amou Li; Li konprann mwen, L ede m pote tout fado Chak jou Li ban m prèv gran amou Li.

Kè

Sèlman Jezi, sèlman Jezi Li Menm sèl ki satisfè m; Li ban m lajwa, Li ban mwen lapè, Li ban mwen bonè pafè.

Kouplè 2

Depi mwen jwenn Jezi mwen tou jwenn lajwa, Mwen pa t panse sou latè sa a Mwen te kapab rive jwenn yon si gran jwa M te gentan ap goute bonè syèl la.

Kouplè 3

Depi mwen jwenn Jezi mwen genyen espwa, Menm nan mizè m, Menm nan soufrans mwen, Nanpwen loraj ki kab fè m pèdi lafwa, Tenèb chanje an limyè pou mwen. (Tabernacle Hymns 3-No. 47)

Retour aux chants