Kouplè 1
Mwen mache nan yon vye chemen, Mwen pa janm jwenn sekou Fado mwen dekouraje mwen Li sanble tèlman lou, Mwen plenyen, mwen di Jezi: Moun yo pa gen lanmou Epi Li reponn mwen Ak vwa l si dous: Mwen te bouke, mwen menm tou, Lè m mache sou Kalvè, Kwa mwen te vin tèlman lou Mwen tonbe m te tonbe Kretyen, se pou ou fidèl, Repo ou pa twò lwen, Pran kwa ou non, E mache avèk mwen.
Kouplè 2
Souvan mwen konn vante tèt mwen, Mwen di m fè gwo travay, E pou m mache nan chemen an Mwen fè gran sakrifis. M abandone anpil bagay Pou m vin disip Kris. Epi li reponn mwen Ak vwa l byen tris: Mwen kite bèl laglwa mwen, Mwen fè sa ak lajwa, Lemonn pa resevwa mwen, Yo kloure m sou yon kwa. Ou menm kab fè chemen an Ak men ou nan men mwen, Pran kwa ou non, E mache avèk mwen.
Kouplè 3
Kounye a, Jezi, m vle swiv ou Avèk imilite, Menm si m ta dwe mouri pou ou Sa pa t ap fè m peye Tout lanmou san mezi ou Lanmò ou te montre m Ak vwa l byen dous Li reponn, Li mande m: Si se sèlman yon vè dlo Mwen vle ou bay pou mwen, Oubyen, pòte gwo fado Ki peze jouk lafen, Menm si mwen vle ou soufri E menm mouri pou mwen Jezi, m a pran kwa mwen, M a fè l pou ou. (Follow Me - Song Everybody Loves Vol. 4 No 2). Copyright 1953 by Singspiration, Inc. Trans. 1969 by Singspiration, Inc. All right reserved. Used by permission.
