Chant 59

Jezi Sovè mwen, m ap di ou mèsi

Gloire a l'Agneau · Créole

Kouplè 1

Jezi Sovè mwen, m ap di ou mèsi Deske ou rachte m, ou pa t kite m peri Nan peche m yo, mèsi Papa Pa kite m tombe, pa kite enmi yo Triyonfe sou mwen.

Kouplè 2

Ou jistifye mwen, avek pwòp san ou Ou mete m apa pou m fè louwanj ou O Bondye mwen konfye m nan ou Pa kite m tombe, pa kite enmi yo Triyonfe sou mwen.

Kouplè 3

Men Konfye m nan ou, O bon Sovè mwen Pwan mwen nan men ou Pou m ka fè wout la O Bondye mwen konfye m nan ou Pa kite m tombe, pa kite enmi yo Triyonfe sou mwen.

Retour aux chants