Chant 48

M ape swiv ou O! Bon Sovè

Gloire a l'Agneau · Créole

Kouplè 1

M ape swiv ou O! Bon Sovè Nenpòt kote ou prale. Tout kote ou vle kondwi mwen, Pran devan m ape mache.

Kè

Bon Sovè m ape swiv ou Ou ki te mouri pou mwen Menm si tout lòt moun ta nye ou Men Senyè, konte sou mwen

Kouplè 2

Chemen an te mèt difisil, San limyè e san trase; Depi ou la, l ap vini fasil M ap swiv tras ou e m ape mache.

Kouplè 3

Si ou mennen m nan gran jouden an, Gran kouran p ap fè mwen pè. Paske ou travèsè l avan, Men Jezi, m ape swiv ou pi prè.

Retour aux chants