Kouplè 1
AKOLAD Lòtbò pon an p ap genyen tristès, Lòtbò pon an p ap gen traka; Solèy klere Lòtbò rivyè a, E moun p ap janm genyen dlo nan je ankò. Si latè ta pran dife Kote n prale abite? (2 fwa, 2 liy) N a prale, n a prale, n a prale abite Ak Jezi. (2 fwa) Mwen se sòlda Jezi; (2 fwa) Menm si mwen pa abiye an kaki, Pote yon revolvè, tire fizi anlè, Menm si mwen pa gouvène bato a, Mwen se sòlda Jezi; Pandan Kezi te sou lanmè a avèk disip li yo Nan yon ti kannòt, yo t ap vwayaje. Nan moman sa a yon tanpèt te leve; (2 fwa) Jezi te nan dòmi, Pyè te pèdi lafwa Li di Senyè men n ap peri. Menm lè a Jezi leve nan dòmi, Li menase van, li menase lanmè a, Tanpèt la te rete. Jezi di Pyè pouki ou pèdi lafwa; (2 fwa) Te kwè m te di ou, depi m la avèk ou Ou pa bezwen pè, gade kal ou. Pandan m sòti an Galile Mwen wè Jezi ape vini (2 fwa, 2 liy) Dlo a chanje. (3 fwa) Men dlo a tounen diven Gade mirak Jezikri fè, Men dlo a tounen diven. M ap vwayaje, m ap vwayaje, m ap vwayaje Nan peyi Kanaran an. (2 fwa, 2 liy) Ki bato w ap pran, bato, bato Sentespri a. Ban m yon chans Pou m ka reviv ankò, Senyè (2 fwa, 2 liy) Malgre traka, malgre soufrans nan lavi sa a Ban m yon chans pou m ka reviv ankò. 40B GAC / Page 427
