Chant 79

Pouki moun palè kristal sa?

Echo des Elus · Créole

Kouplè 1

Pouki moun palè kristal sa-a? Sé pou mouin ak Jézu-Kri! Pouki moun fotèy an nò yo? Sé pou mouin ak rachté yo! Réfrin: Sé gnou bèl palè kristal Avèk anpil chèz an nò, Pou tout moun ki vlé alé Avèk Ségnè Jézu.

Kouplè 2

Jéruzalèm nan bèl anpil, Li pi bèl pasé diaman Li soti koté Bon-Dieu min-m é li gin tout gloua Bon-Dieu.

Kouplè 3

Pa bézouin solèy ak lalu-n Pou kléré nou jou é nouit Min la gloua Bon-Dieu va briyé ékla Li va gnou flanbo.

Kouplè 4

Pap gin krint, doulè ak touman Ni lanmò, ni maladi. Médizans, kout lang va fini Sé louanj, lanmou san fin.

Kouplè 5

A la gnou bèl jou sa va yé, Lè tronpèt la va sonnin Pou tou mò nan Kris yo lévé Pou y-al rankontré Jézu.

Retour aux chants