Chant 71

Kinbé fèm travay nap fè

Echo des Elus · Créole

Kouplè 1

Kinbé fè-m trava nap fè pou Jézu-Kri Rout la pa fasil, fòk nou toujou soufri Lè satan ap fè ravaj li, nou va tris Nou konnin Jézu la, Li va kinbé nou.

Kè

Kinbé fè-m jouk sa fini Kinbé fè-m jouk Kris vini Kinbé fè-m, piga ou lagé Lè Jézu la ou pa janmin fatigé.

Kouplè 2

Gnou sòlda pa jan-m touché san-l pa travay Sé pou li toujou fidèl nan tout bagay Li pap janmin rékilé lè-l nan batay Nou konnin aprè batay nap gin viktoua.

Kouplè 3

Jézu séré gnou bèl kouròn pou tout krétyin Ki toujou rété fidèl jouska la fin Va gin tout kalité kouròn nan jou sa-a Luté byin pou nou ka pran kouròn yo.

Retour aux chants