Kouplè 1
Lòt bò jouden sa a Gen yon lavi k ap pare Yon ti gout kè kontan epi Yon ti gout kè mare Anba solèy sa a Menm si n ape lite Nou gen konfyans Yon jou sa pral chanje Paske
Kè
Gen yon je k ap gade Gen yon zòrèy k ap koute Gen yon limyè k ap klere Chimen lanmou gen tan monte Lè manman t ape priye lè papa t ape gide Lè Jezi t ape kriye.
Kouplè 2
Lòt bò jouden sa a Nou ka byen separe Pou rantre ou byen pi fon lakay Oubyen nan peyi etranje Kote nou pase Fòk lavi nou klere Jouk tan lè a rive pou nou ale Kote
Kouplè 3
Lòt bò solèy la Lòt bò zetwal yo Gen yon je k ape gade Gen yon zòrèy k ap koute Gen yon limyè k ap klere Chimen lanmou gen tan monte Lè manman t ape priye lè papa t ape gide Lè Jezi t ape kriye. Chant du Groupe Alabanza Groupe Alabanza
